top of page

Okipasyon peyi a pran yon lòt figi

  • Photo du rédacteur: Renouvo Demokratik
    Renouvo Demokratik
  • il y a 7 jours
  • 4 min de lecture

Pa: Marc-Arthur Fils-Aimé & Camille Chalmers

Rasanbleman Sosyalis pou yon Inisyativ Nasyonal tou Nèf

Pati RASIN Kan Pèp La.


ree

Jou madi 30 septanm 2025 la, Konsèy Nasyonzini an pran yon desizyon pou anvayi peyi a ak yon nouvo twoup entènasyonal men ak yon lòt non tankou sa toujou fèt chak fwa. Li rele “Fòs Represyon kont Gang" (FRG).Twoup sa a dwe mache ak senk mil senk san militè ak senk san polisye. Objektif deklare li, se kase fe gang yo.

Men tankou menm jan ak anvan yo, eske se vre objektif misyon an? Pou ki sa ak lajan sa a, peyi etranje sa yo pa ede lame ak polis la rive nan dimansyon pou yo pwoteje sa sistèm peze souse sa a pèmèt yo pwoteje?

Ayiti abitye ak kalite mannèv entènasyonal sa yo. Enperyalis ameriken depi kèk tan fofile nan mitan yon bann lòt peyi pou pyafye sou kòtòf lestomak li. Li mete Panama devan jodi a pou li prezante pwojè sa a devan konsèy Sekirite a ; yon pwojè Lachin ak Larisi te voye jete plizyè fwa deja. Pou ki sa de (2) kòlòs sa yo malgre kèk ti rechiya Lachin fè kite li pase? Sa ki konplote sou do nou? Ann poze tèt nou kesyon sa yo !

Se vre, ensekirite a pa janm monte wotè sa a gras ak zam ak minisyon ki soti nan peyi Etazini. Se ka ki motive lespwa pi fò moun nan peyi a nan debakman twoup sa yo. Se menm lespwa sa yo te genyen anvan rive Kenyan yo. Se pa sèlman moun ki oblije abandone kay yo, milye yo ki nan sitiyasyon sa a. Ann gade! Divalye yo te genyen kontwòl sou makout ak lame. Militè yo pandan kou Deta kont prezidan Aristid la, soti septanm 1991 rive oktòb 1994, te toujou montre otorite yo sou bandi pa yo a ki te FRAP. Menm chimè yo te konnen koute prezidan Aristid lè li te pale. Fwa sa gang yo parèt kòm si yo mèt tèt yo paske veritab mèt yo pa janm ofisyèlman rekonèt yo. Pou ki sa benyen kache lonbrit sa a ? Sa ki fè anpil moun menm kwè gang yo kase kòd la ak mèt yo epi yo vini endepandan. An realite, yo benefisye sèlman yon bout otonomi paske yo pa janm ka viv pou kont yo.

Konsekans nouvo anvayisman sa a.

FRG yo depi yo ta genyen modòd pou yo elimine gang yo, pa ta dwe pran anpil tan pou yo fè sa. Poutan misyon sa a ki genyen yon atik ki ba li tout endepandans li nan fason lap entèveni sou teren an deja ofri li posiblite pou li rete toujou la apre yon lane. Endepandans sa a montre aklè nati ranfòsman okipasyon an ki pa te janm sispann. Li ba li pouvwa pou li frape nenpòt ki lè, nenpòt ki kote san li pa enfòme responsab ayisyen yo davans. Se sou pretèks pou evite gang yo jwenn enfòmasyon anvan chak entèvansyon yo. Se vre, se yon reyalite ki egziste depi kèk lane paske polis la grangrennen prèske nan tout kò li. Men yon mezi konsa tou kache lòt konsekans ki pèmèt gouvènman peyi Etazini sitou kenbe dappiyan li sou politik ak sou tout richès peyi a.

Prezans fòs bandi yo depi sou Duvalier epi menm anvan pa yon loray kale.

Enperyalis etazinyen toujou bezwen kontwole peyi a dapre nenpòt ki mwayen. Sa li kòmanse fè apati premye debakman 28 jwiyè 1915 lan. Ak devlopman sosyalis la nan monn lan epi ak jan ideyoloji sa a deplòtonnen li nan Karayib la ak nan tout Amerik la, menm nan peyi Kanada epi sitou apati revolisyon kiben an, sistèm nan toujou double fòs siveyans li. Deja mouvman revolisyonè yo depi sou Pati kominis Jacques Roumain ak lòt kanmarad yo te fonde a nan lane 1934 te sibi plizyè kalite represyon. Men depi revolisyon kiben an, represyon an depase kad entèdiksyon ak pran prizon. Li prezante sou fòm fòs paralèl san fwa ni Iwa poutan ki byen souche anndan fonksyonman sistèm nan pou kraponnen mas popilè yo. Se de (2) wòl sa a tout gang yo kontinye jwe jous konnye a : pwoteje pouvwa anplas la pandan lap ankadre sistèm peze souse a. Prezans yo sou yon fòm osnon sou yon lòt pa sèlman enpòtan men nesesè pou kraze tout fòs rezistan popilè.

Sinema a, se chak fwa klas kap dominine yo nan tèt kole ak pwisans enperyalis yo, ak Etazini an tèt, panse yo atenn objektif yo ki se diminye fòs mas popilè yo, yo deplwaye menm modèl solisyon sa a: kalme ensikirite a nan lespri pou rechofe modèl demokrasi yo a ki dapre yo egal ak eleksyon. Men sou kondisyon eleksyon sa yo rete nan limit yo ba li yo a.

Pa genyen kesyon detwi ensikrite a nan rasin li pwiske sistèm nan bezwen bandi yo menm sou yon lòt non epi ak lòt chèf pou pwoteje li. Nou dwe raple se pa lamizè menm si mizè a fasilite rekritman bandi yo, ki veritab sous ensekirite a ki egziste menm nan peyi rich yo. Ensekirite nan peyi sa yo konsidere kòm fòs rezèv represyon kont nenpòt mouvman popilè ki ta vle pran grad nan menase sistèm nan. Kidonk ensekirite a jwe menm anndan vant sistèm nan menm misyon an ak isit menm lè

fòm yo varye swivan devlopman peyi sa yo.

Pa genyen okenn rezon pou nou kwè nan eliminasyon ensekirite anndan sistèm peze souse sa. Nap jwenn amelyorasyon nan limit pou pèmèt sistèm nan fonksyone. Se sèl sou pouvwa mas yo sou kontwòl mas yo veritab kè poze a chita.

Peyizan, ouvriye ak tout mas esplwate yo, ann reprann chemen 1804 la pou konstwi Leta pa nou!

Commentaires


Top Stories

Receive our analysis and perspectives directly in your inbox. Sign up for our weekly newsletter.

  • Instagram
  • Facebook
  • Twitter

© NONAVOX . Powered and secured by Wix

bottom of page