top of page

Ochan pou Kanmarad Marquez Osson..

il y a 2 minutes
3 min de lecture

Nou rasanble jodi a, fanmi, zanmi, patriyòt, militan ak konbatan politik maksis ak sosyalis, pou nou di yon dènye kenbe fèm ak frè, zanmi, ak kanmarad nou ki kite nou semèn pase a.

Mwen prezan jodi a pou prezante yon dènye salitasyon ak onè a kanmarad Makès, onon kanmarad Komite Rezistans Popilè Benoit Batraville (KRPBB) ak KPDN, yon asosyasyon peyizan nan Nò peyi a. Tout militan òganizasyon sa yo ap swete ou bon vwayaj, kanmarad.

Yo pa ka wè w. Yo pa ka tande w. Yo pa ka li w ankò. Men yo tout nan vwa m ap eksprime rekonesans pou atachman w toujou manifèste e sitou solidarité ou te montre pou batay yo tap mennen e kontinye ap mennen nan kondisyon difisil pou sòti anba grif tout kalite eksplwatè pou koupe fache yon fwa pou tout ak lamizè ansanm ak eksplwatasyon ki mare ake fòm sosyete miwo miba k ap detwi Ayti…

Se nan konferans mwa Oktòb 1986 la nan Pòtoprens, mwa Dawout Reprezantan òganizasyon etidyan , peyzan, travayè ak militan ki t ap boule nan klandestinite te rankontre ak kanmarad Makès ki te sòti nan vil Nouyòk Ozetazini e ki t ap milite Gwoup Mayi Anmè.

Nan diskisyon pandan twa jou Asanble a, Kanmarad Makès te montre preyokipasyon li byen bonè pou yon liy ideyolojik e politik ki te vle domine andedan jen èstrikti politik k ap batay kont diktati a men ki poko te pran yon fòm solid.

Rezolisyon final Asanble a te pwopoze de estrikti: Premye estrikti a se te yon pati pou ranfòse kad ak militan sou pozisyon batay klas ouvriye a, PRA (Pati Revolisyonè Ayisyen). Dezyèm lan se te MP-26 (Mouvman Patryotik 26 Janvye), ki t ap regwoupe òganizasyon etidyan, fanm, peyizan, atizan ak chomè.

Dezan apre Asanble mwa Oktòb 1986 la, preokipasyon ak enkyetid kanmarad Makès la te vin tounen yon reyalite. Gwoup ki te aliye dèyè yon tandans “popilis” ki pat kwè nan konstriksyon yon zouti ideyolojik e politik solid e disipline ak yon pwojè politik serye kòm altènativ a rapò semi feyodal e neyo kolonyal ki dominan nan sosyete a te chwazi fè wout yo. Yo te kreye MP-26/ANOP apre piblikasyon yon tèks: “Quand l’Amérique s’embrasera” oubyen “konkonb Zonbi”. Gwoup la te derefize patisipe nan “Débats Démocratiques” ke kanmarad PRA yo te pwopoze e t ap mande a.

Nou rakonte istwa sa la se jisteman pou montre Ki kalite gwo vizyonè politik Kanmarad Makès… n ap swete Bon Vwayaj jodya te ye.

Nan relasyon li ak militan KRPBB ak KAKOLA, Kanmarad Makès te toujou rete fidèl ak premye liy ki te trase nan Mayi Anmè, epi ki kontinye nan PRA ak Komite Rezistans Popilè Benoit Batraville. Liy sa baze esansyèlman sou konèksyon ak klas travayè a nan peyi d’Ayiti , konèksyon ak òganizasyon tout kouch andedan peyzanri Aysyen an, ti peyzan ak chòmè ki se pwensipal viktim sistèm eksplwatasyon ke Boujwazi konpwadò a ( trafikan yo) osèvis enterè ap pèpetye nan peyi a depi dantan , depi kont revolisyonè yo te mete do Dessalines a tè nan mwa Oktòb 1806.

Pou fini, Kanmarad Makès, tout militan PRA, KRPBB, KPDN, ak Renouvo Demokratik ap salye vizyon, konsistans, abnegasyon ak solidarite w nan tout batay pou libere Ayiti anba dominasyon ak okipasyon etranje.

Bon Vwayaj, kanmarad Makès. Batay la pap kanpe nan mitan wout. Pèp ki ini e ki konn batay ap ranpòte laviktwa kan menm.

Komite Pwovizwa

KRPBB /KPDN

Kowòdinasyon Renouvo Demokratik

 
 
 

Posts récents

Voir tout

Commentaires


Top Stories

Receive our analysis and perspectives directly in your inbox. Sign up for our weekly newsletter.

  • Whatsapp
  • Facebook
  • Youtube
  • download (4)_edited
  • TikTok
  • Instagram
  • Twitter

© NOVAVOX . Powered and secured by Wix

bottom of page