top of page

NÒT KONSÈNAN ASASINAY DIREKTÈ RADYO KOMINOTÈ TI BOUKAN FM NAN, MESYE WILLARD VANCOL

il y a 4 heures
2 min de lecture
Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal (SAKS) ak yon gwoup Radyo Kominotè Ayisyen

Prèske (3) semèn aprè gang ki tabli nan komin Gresye (Sidwès Pòtoprens) te atake Sant Fòmasyon Enstiti Teknoloji ak Animasyon (ITECA, sig fransè) ki nan seksyon kominal Ti Boukan, se nouvèl lanmò Mesye Willard VANCOL, Direktè Radyo Kominotè Ti Boukan an (96.3 FM), ki rive jwenn nou.

Prèske twa (3) semèn aprè disparisyon li, alòske li te nan espas ITECA a jou atak bandi yo (20 dawout 2026), nan yon kominike pou laprès li pibliye, ITECA di lapolis dekouvri rès kò kamarad Willard. Nouvèl rache trip sa konfime yon lòt fwa lavi moun pa reprezante anyen nan Ayiti jounen jodi a. Gouvènman an, lapolis, lame, fòs entènasyonal pou sekirite yo, youn pa rive garanti respè dwa lavi popilasyon an toutbon. Se dilere sa.

SAKS ak Radyo kominotè ki siyen nòt sa a pa kache kòlè yo fas ak asasina Mesye Willard VANCOL la. Se konsa tou nou endinye lè chak jou nou leve se nouvèl masak, kidnapin ak lòt fòm vyolans ki fè kenken nan tout medya nan peyi a. Fòk sa fini.

Mesye Willard VANCOL se yon sitwayen wòdpòt fòs lanmò yo pote ale. Radyo kominotè ayisyen yo pèdi yon moun total. Soti nan Radyo Vwa Klodi Mizo rive nan Radyo Ti Boukan FM, mete sou kontribisyon li pote nan divès lòt Radyo kominotè kòm manm Asanble Jeneral SAKS, kamarad Willard se yon moun ki respire yon lè ki fèt ak konviksyon epi angajman pou pwogrè. Li pa janm pran nan kraponnay depi se pou koz pou chanjman sosyal la nan enterè Mas Popilè yo. N ap toujou sonje sa.

Inisyativ pou amelyore kondisyon lavi nan peyi a pran yon gwo kou. Sant Fòmasyon ITECA genyen depi prèske 50 lane Gresye a, se kamarad Willard ki t ap kowòdone li. Se yon veritab espas ki t ap bay lavi tete nan komin nan. Depi atak gwoup kriminèl yo, popilasyon an lage de bra pandye li ap danse yaya kont lamizè. Se yon gwo kout ponya nou pran.

SAKS ak Radyo kominotè ki siyen nòt sa a voye tout senpati pou fanmi, zanmi ak lòt kamarad asasinay sa a lage nan gwo lapenn.

N ap kontinye egzije pou bonjan mezi pran pou garanti pwoteksyon lavi ak byen popilasyon an toupatou nan peyi a. Konsa tou n ap mande popilasyon an toujou sonje: pa gen delivrans k ap soti okenn kote, se DIVÈS KALTE MOBILIZASYON nou k ap pèmèt nou jwenn wout pou nou soti nan sa nou ye a. Toutotan nou pa rive, se pou nou kontinye mache ak je nou kale nan bonjan tèt kole.


Non ak siyati:

• SAKS

• Radyo Bwa Kayiman

• Radyo Vwa Pèp lakay

• Radyo Vwa Peyizan Sid

• Radyo Enperyal (Radio Impérial)

• Radyo louvri je

• Radyo Batay Peyizan

• Radyo Vwa Peyizan Nòdes

• Radyo Peyizan Abriko


Siyati yo:

Wisnel Mondelice

Zamor Muscade

Pou Radyo kominotè Batay Peyizan

Radyo Vwa Peyizan Nòdes, Reprezantan: Rodelin Desormes

Keslina Toussaint, Radyo Vwa Peyizan Nòdes, 103.1 FM

Howbant

Wisler Marc Arthur, Radio Imperial

Dorceley Macule, Radyo Bwa Kayiman

Mabray Mel Sen Nikola

Radyo louvri je

Imeldonne Aulyse, Radio Vwa Peyizan Sid, VPS

Commentaires


Top Stories

Receive our analysis and perspectives directly in your inbox. Sign up for our weekly newsletter.

  • Whatsapp
  • Facebook
  • Youtube
  • download (4)_edited
  • TikTok
  • Instagram
  • Twitter

© NOVAVOX . Powered and secured by Wix

bottom of page