top of page

Zòt pouse do n : Nou pran vwèl pou n reveye lakay ak tout fòs nou.

  • Photo du rédacteur: Renouvo Demokratik
    Renouvo Demokratik
  • 5 juin
  • 3 min de lecture

Plimeyank : Wilfrid Suprena,

Renouvo Demokratik.

- PC: Novavox -
- PC: Novavox -

“Fake “ sur toute la ligne…

Ki sa ki “ fake “ konsa?

Yon lèt ki adrese a aktyèl Prezidan Dominikani an epi yon jèn prezidan afriken siyen y.

Kòm nou renmen achte kòz a lòt moun. Se “ Dan devan” nou ye…

Nou panse ke tout moun pway jwe wòl “ Dan Devan “ pou nou… Yon chèf leta pa yon “ aktivis “ politik tankou Kemy Seba.Se dirijan politik nou yo ki poko ka fè diferans ant “ aktivism” politik e “ dirije leta. Diskou 18 Me Okap la montre nou sa klèr tankou klèrèt.

Dirije leta se pawòl e aksyon… Mesye politik nou yo chwazi 100% pawòl e zero aksyon..

Men nou rive jounen jodya nan pwen pou nou jwe wòl “ Dan Devan” pou nou menm Ayisyen.

Moun yo pa te janm renmen nou. Nou pa janm rive konpwann sa… Ilizyonis, Ekilibris nou ye..

Nou an, se klas nwayèn pèpè a ki toujou ap fè djòb sal yo toujou bèy akonpli kòm dan Devan- pale de Vertières nan bèl Diskou politik san nannan..

Se nan klas sa yo rale Kolonèl ake Jeneral “ Dan Devan” Pou reprime, kraze, fè koudeta, mete Prezidan poupe twèl, soutni diktati , touye E onwan elèksyon, Demokrasi, Dwa moun..

Kapitalis Chen anraje sa yo pa te janm renmen gwo evènman militèr e politik ki te kondwi a defèt èspèktakilèr a paran yo an novanm 1803…

Sa k pou di w, menm lwa zinga ki te danse nan tèt a Cappoix ake Dessalines, Paul Prompt, Jean Philippe Daut pap kase chenn kote yo mare yo a pou remonte nan sifas pou montre ke se sistèm kapitalis enfènal sa k ap kraze ni planèt la, ni limanite…

Èy chache nan tout listwa depi Las Casas pou nou wè Kilèr, ki jou moun sa yo te janm genyen “ bon jan” ake nou..

Koulyè a lè nou rive mete “ grenn a Zachary Delva “ ( Mizik Septentrional , 1963) pou nou kòmanse men nan pat kasav a tout Ayisyen ki te vann konsyans a yo bèy “ l’ennemi visceral “ Pèp Ayisyen an. Jije yo menm “ par coutumace” ..

Depi soti nan Sudre Dartiguenave rive nan koulèv landòmi 9 tèt la..

Kanta Paul E Magloire ake Antonio Thrasybulle Kebreau plis Cedras se pann pou yo ta pann yo ….

- Magloire ki voye Estimé ale..Pou pwan pouvwa sou lòd a yo..
- Kebreau ki ban nou pi gwo kòchma politik nan peyi a, a pati 1957- ansasen Duvalier yo ake Tonton makout yo
- ⁠Cedras ki ban nou FRAPH

Kanta Aristide ake Preval se “ A la de ka Papa”…Yo te derefize mete Grenn a Zachary Delva “ a pou zwazo mechan non Epi mete Pèp Ayisyen an konfyans pou y ta kòmanse pwan desten y nan men y pou fini ake depandans ekonomik e izòlman politik.. La..

Moman n ap viv la - sou plan politik entèrn, ekstèrn- se moman revèy konsyans a tout Ayisyen. Kwakilanswa klas e kwakilanswa afilyasyon politik yon Ayisyen ap dongoye andedan y lan..

Se Moman pou nou di Ayiti se pou nou. Se nou e sèlman nou pou ki chanje y e fèy yon peyi ki vivab pou tout Ayisyen endistenkteman e adorab tou pou lòt Nasyon ka vin wè bote peyi nou e apwann de istwa nou..

Ann Sispann pwan kòz a lòt moun pou nou..
Yo pat janm fè sa pou nou .. E yo pap janmen fè y…
Ann Konstwi yon lòt leta k ap defanb enterè Ayisyen an Pwemye..

Ann bati yon lòt Ayti pou Ayisyen.

Commentaires


Top Stories

Receive our analysis and perspectives directly in your inbox. Sign up for our weekly newsletter.

  • Instagram
  • Facebook
  • Twitter

© NONAVOX . Powered and secured by Wix

bottom of page