Poukisa peyizan yo dwe ranmase batay kont ranson 1825 lan?
By : Kolektif Kont Ranson 1825.

Ranson 1825 lan se te yon veritab sansi pou peyizan yo :
Se yo ki te bourike pou peye l
Se tout pyebwa pou yo pran frechè
Pyebwa ki anpeche lapli fè dega
Pyebwa ki pote fwi pou yo manje
Leta ayisyen te fè koupe pou l vann pou l ka peye ranson an ak pèmèt gwo pwopriyetè tè, gwo komèsan ak gwo zouzoun ki nan leta fè bè.
Kijan Leta te rive mete peyizan yo nan kondisyon pou yo bourike?
Leta te mete sou pye yon kòd riral, sètadi yon zouti jiridik ki te trase kòman pou zòn riral yo òganize yo:
Zòn riral la pwodwi men sitou pou etranje.
Ti peyizan te dwe toujou disponib ak soumèt a gran pwopriyetè a.
Li pa t gen dwa kanpe travay. Kòd sila te konsidere tout ti peyizan ki pa vle travay kòm vagabon e li prevwa sanksyon pou sa tankou arestasyon...
Peyizan an pa t gen dwa deplase, ale lavil oswa kite plantasyon an san li pa t gen otorizasyon....
Lavil se zòn pou gran nèg ak gwo zouzoun.
Mete sou sa, ti peyizan pa t dwe gen pwòp boutik li e li pa t dwe vann an kantite pwodwi ki rezève pou vann nan peyi etranje tankou kafe.
Ti peyizan se yon ras moun, yon klas moun ki pote tè a sou kou. Se ti peyizan ki bourike pou gran nèg vin rich.
Se ti peyizan ki bourike pou peye dèt la ak pèmèt Lafrans vin pi rich.
Kafe se pwodwi ki te pwodwi plis, men depi 1825 rive 1835 pri kafe t ap plede bese nan tout peyi. Kidonk kafe poukont li pa t ap ka pèmèt Ayiti peye Lafrans. Sa te vin lakòz Gouvènman Boyer ak lòt ki te vin aprè l yo te chwazi vann bwa pou ka peye Lafrans.
Nan lane 1828 Boyer ekspwopriye peyizan zile Kayimit, Lagonav ak Latòti, pou yo ka koupe pyebwa. Nan lane 1846 Prezidan Riché te vote yon lwa ki te bay otorizasyon pou yo koupe pyebwa yo. Lwa sa a te voye lwa Desalin te pwomilge nan mwa desanm 1804 ki te entèdi pou yo koupe pyebwa jete. Desizyon katastwofik jiridik Riché a se te yon gwo rejè senbolis 1804 la ki te konsidere pyebwa yo kòm byen pou sosyete a e yo pa t dwe koupe yo.
Pou te peye ranson endepandans lan, Leta ak akolit li yo te bay kontra pou debwaze anviwònman peyizan yo e sa te vin lakòz gwo dezas ekolojik.
Pou peye ranson endepandans lan, peyizan yo te travay tankou bèt toupandan yo pat ka jwi rezilta travay yo. Jounen jodi a se jistis pou peyizan yo l ap ye ! Se pou Lafrans peye lajan ranson an. Restitisyon an se bay jistis ! Se pa asistana ! Se pa èd imanitè !
Se remèt kòb la ! Lafrans vin peye !
Comments