top of page

Machekontre Pou Reprann Dwa Grandèt Majè Nasyon an

Plus de cinq cents organisations du mouvement social haïtien tirent aujourd’hui la sonnette d’alarme face aux manœuvres visant à placer le pays sous tutelle. Dans un rare élan d’unité, elles dénoncent une entreprise méthodique de dépossession nationale et appellent à un vaste menkontre pour reconquérir la souveraineté confisquée et réaffirmer le rôle central du peuple dans la conduite des affaires publiques. Leur position marque un tournant : celui d’une société civile qui refuse que l’avenir d’Haïti se décide hors du peuple, hors du territoire, hors de la légitimité démocratique.

Nan lane 2023, Gouvènman ameriken an, ak sipò plizyè lòt peyi pami yo Repiblik Dominiken, te rive jwenn nan Konsèy Sekirite Nasyonzini, rezolisyon 2699 la. Ak Rezolisyon sa a, fòs Kenya a te gen yon misyon ki te pote etikét «retabli sekirite, kreye kondisyon pou òganize eleksyon lib ak regilye nan peyi a». Rezolisyon sa a te vini apre gouvènman Ariel Henry la te ekri kominote entènasyonal la lan ane 2022 pou mande entèvansyon etranje.

Nou konstate depi 2023 sa a, sekirite a plis deteryore, plis moun mouri, plis teritwa pèdi, plis refijye anndan kou deyò peyi a, plis destriksyon, pandan lamizè ak dezèspwa blayi kò yo sou popilasyon an. Echèk rezolisyon 2699 la, pèp ayisyen an se nan san l ki koule piplis, se nan konte plis kadav li viv li.

An septanm 2025, 2 zan apre, Gouvènman ameriken an, an majòjon menm konsòsyòm entènasyonal sa a, enpoze OEA yon rezolisyon pou ede l pote jesyon administratif, jiridik ak politik, titèl y ap redefini an. Se menm OEA sa a ki si tèlman respèkte demokrasi, li bay tèt li otorite chanje rezilta eleksyon 2010 yo pou mennen peyi a nan nivo soufrans n ap sibi la yo. Yo mennen kanpay, yo jwenn antant ak gwo pisans tankou La Chine ak La Russie pou yo fè abstansyon, jis Konsèy Sekirite Nasyonzini (KSN) vote

Rezolisyon 2793 la, kote youn ap remèsye, felisite lòt sou do echek misyon Kenya a. Rezolizyon 2793 la retounen ak menm etikèt pou yo vann titèl la : retabli lapè pou òganize eleksyon, ak menm agiman ensekirite ak efondreman Leta yo toujou ap met devan an. Rezolisyon sa a deside voye yon fòs 5,500 militè, k ap gen pouvwa opere sou teritwa nasyonal la jan l vle, «°de manière indépendante°» (Pwen 1a), san dizon ni Polis nasyonal nou an ni okenn otorite ayisyen. Lè yon fòs etranjè anndan yon peyi bay tèt li pouvwa pou l opere nan kondisyon sa a, sa pa gen lòt non, sa rele yon fòs okipasyon.

Pandan rezolisyon sa a vyole tout sa ki se otorite yon Leta souvren, redaktè yo pa jennen ekri nan 2zyèm fraz la « atachman Konsèy Sekirite a pou souvrènte, endepandans, entegrite teritoryal ak inite Ayiti ». Rezolisyon an ale pi lwen toujou nan enstale anlè tèt otorite peyi a yon Gwoup Pèmanan ki gen 7 peyi k ap vin deside « oryantasyon estratejik wo nivo, asire kontwòl ak pran desizyon politik » (Pwen 7) ki pèmèt ranfòsman titèl la.

Nan fen lane 2025 ak komansman lane 2026 la, agravasyon kriz politik la nan mitan Ekzkitif Leta a, sou kijan pou yo kite ou byen kiyès k ap rete sou pouvwa, pèmèt Ayisyen konprann pi byen koze ofisyalize titèl la se pa yon pwojè, se yon reyalite. Chaje Dafè ameriken, ki trennen dèyè l kèk lòt manm kominote entènasyonal la ak kèk sektè anndan peyi a, mete kostim gouvènè l sou li pou l pwoklame ki moun li chwazi nan moman an pou ekzekite lòd li nan tèt Leta a.

Tout patriyòt pwogresis nan peyi a dwe wè klè jodi a, dominasyon yo sou Leta a poko janm ka ba yo kapasite pou mete ajnou pèp-nasyon an kap reziste depi 2 syèk pou l jwenn lavi. Depi 1806, apre ansasinay Anperè Desalin, Leta sa a asosye anpremye ak Lafrans apresa ak Etazini, mennen lagè kont Nasyon ayisyèn nan pou kanpe yon sistèm apatèd ki kale tout inegalite ak esklizyon ki voye majorite popilasyon an nan grangou, lamizè, chomaj ak dezespwa. Sistèm apatèd sa a mete anpil jenn gason ak jenn fanm, nan move kondisyon ki kite yo de bra pandye pou mafya politik ak finansye lokal ak entènasyonal mete pye sou kou yo epi sèvi avè yo. Mafya sa yo tabli rezo ekonomi kriminèl transnasyonal la nan peyi a epi simaye zam fann fwa nan men jèn dezespere sa yo pou yo òganize destriksyon sa a.

Yon ayisyen ki konstate tousa ap mal pou l konprann kouman makònay Leta sa a ak yon pati nan kominote entènasyonal la, ki kreye pwoblèm yo, ta vle fè n kwè se yo ankò k ap vin rezoud li. Se lòt bagay k ap regle. Pa gen okenn ekzanp nan lemonn kote se Nasyonzini ou byen yon lòt peyi etranje ki rezoud pwoblèm tout kalite vyolans yon popilasyon ap sibi anba gwoup bandi ak zam ak bandi ak kravat, ni anba vyolans ekonomik, sosyal, ak politik. Se pèp-nasyon an soude ak Leta pa l, ki bay gouvènman l fòs ak pouvwa nan peyi sa yo, nan tout souvrènte yo, ki rive konprann tout dimansyon fenomèn nan, defini plan estratejik global, mobilize tout resous yo pou gen kontwòl teritwa yo epi bay peyi yo sekirite.

Konsòsyòm entènasyonal la sèvi ak kawo dezòd òganize sa a pou jistifye pozisyon rasis yo toujou genyen sou Ayisyen nan chèche fè kwè nou paka dirije tèt nou. Li pa janm bliye 1804. Li pa janm sispann fè mannèv pou jwenn kouman achte frekan sa a nan men pèp ayisyen.

Devan gwo menas sa, Ayisyen konsekan paka rete bra kwaze. Nou menm òganizasyon ki kwè nan misyon istorik pèp ayisyen an, nou menm patriyòt pwogresis angaje ki siyen nòt sa a, nou lanse yon apèl bay tout konpatriyòt ki kwè nan rèv zansèt yo te genyen pou konstwi yon Ayiti Granmoun pou machekontre pou defann ekzistans ak souvrènte nasyon an. Lè peyi w okipe, lè souvrènte nasyon w ap foule anba pye, lè pèp ou nan dezespwa, devwa tout patriyòt se al sèvi ak ranfòse rezistans istorik pèp ayisyen an epi konstwi yon mouvman nasyonal patriyotik pou pèmèt peyi a reprann dwa grandèt majè l.

Kriz malouk Ayiti ap travèse la a se yon pèp oganize kap goumen ak yon Leta granmoun ki ka kòlte ak li. Yon Leta ki gen relasyon ekilibre ak tout lòt peyi, yon Leta ki osèvis popilasyon an. Leta granmoun sa a ka toujou chache solidarite pou batay kont ekonomi kriminèl transnasyonal k ap gangrennen sosyete a. Apèl sa a jodi a se pou sansibilize ak mobilize tout patriyòt anndan kou deyò peyi a, tout òganizasyon peyizan, fanm, jèn, sosyo pwofesyonèl, tout regwoupman rejyonal, tout sendika konsekan, tout pèsonalite konsyan pou machekontre nan yon gwo mouvman rezistans patriyotik pou defini estrateji ki adapte ak moman an pou sove ekzistans ak souvrènte nasyon an.

Apèl sa a, se pou ankouraje sosyete a pran responsablite l pou konstwi kapasite rezistans kap anpeche peyi etranje kontinye salopete peyi a nan enpoze konze yo vle alatèt Leta a pou kontinye trennen diyite nasyon an nan labou.

Apèl sa a fèt pou mande pèp ayisyen mete kanpe nan tout kwen ak rakwen òganizasyon dyanm pou asire vijilans sou otorite yo, fè yo respekte angajman yo nan tout nivo epi tabli kontwòl sou tout teritwa a pou bloke tout kalite trafik kriminèl kap gangrennen sosyete a.

Zansèt yo te trase chimen an, ann rapousib wout la. Nan solidarite ak tout pèp kap lite pou respè ak

diyite yo, an nou rekonekte nan limyè liberasyon an.




Commentaires


Top Stories

Receive our analysis and perspectives directly in your inbox. Sign up for our weekly newsletter.

  • Instagram
  • Facebook
  • Twitter

© NONAVOX . Powered and secured by Wix

bottom of page