La Sélection nationale est la clé qui ouvrira notre pays/Seleksyon Nasyonal la se kle pou n louvri peyi a
- Renouvo Demokratik
- il y a 3 jours
- 3 min de lecture
Viktwa ki kalifye seleksyon nasyonal la pou mondyal 2026 la fè zèl pouse nan do Ayisyen toupatou sou latè tèlman kènou kontan. Sa fè ekzakteman 52 lane depi Ayiti te reponn prezan ak seleksyon Toup pou yo nan peyi Almay.
Bèl fèt ki tanmen nan mitan Ayisyen apre siksè sa a di: nou te swaf lokazyon sa a tankou tè sèk kap tann lapli. Ak viktwa sa a, nou kanpe banda poun montre kijan nou renmen peyi nou :
Explwa Grenadye yo leve figi n epi pèmèt nou respire anba kriz tout kalte kap kokobe demanbre n. Si nou mete ansanm tout eneji,tout fyete, tout lespwa viktwa sa seleksyon national pote, nou ka fè l tounen yon kle pou n louvri peyi a.
Sèlman pa gen 18 Novanm san premye Janvye. Ayisyen dwe pote kole ansanm premye janvye 2026 pou bay Grenadye yo yon ochan nasyonal. Si nou tout pote kole, premye Janvye 2026 ap tounen dat Ayisyen te leve doubout pou wete peyi yo nan kriz epi vanse pou pi devan!
La Sélection nationale est la clé qui ouvrira notre pays
La victoire qui qualifie la Sélection Nationale pour la Coupe du monde 2026 insuffle des ailes aux Haïtiens du monde entier, tant leur joie est immense. Cela fait exactement 52 ans que la sélection « Tout pou yo » a répondu présente en Allemagne.
La liesse qui a saisi la nation après ce triomphe dit ceci : nous avions soif d’un tel moment, comme une terre sèche attend la pluie. Avec cette victoire, nous nous dressons pour affirmer, haut et fort, l’amour que nous portons à notre pays.
Les exploits des Grenadiers relèvent nos visages et nous prêtent un souffle nouveau, nous élevant au‑dessus des tempêtes qui nous fracturent. Si nous mettons en commun l’énergie, la fierté et l’espérance que porte cette victoire de la sélection nationale, nous pouvons en faire la clé qui ouvrira notre pays.
Il n’y a pas de 18 novembre sans le 1er janvier. Rassemblons‑nous le 1er janvier 2026 pour offrir aux Grenadiers une parade nationale. Unis autour de cet objectif, nous ferons du 1er janvier 2026 le jour où la nation s’est dressée pour rompre avec la crise et reprendre son chemin.
The National Team is the key that will unlock our country
The victory that qualifies the National Team for the 2026 World Cup gives wings to Haitians around the world, so great is their joy. It has been exactly fifty‑two years since the “Tout pou yo” team answered the call in Germany.
The jubilation that seized the nation after this triumph speaks plainly: we had long been thirsty for such a moment, like parched land awaiting rain. With this victory, we stand tall to proclaim, loud and clear, the love we bear for our country.
The Grenadiers’ exploits lift our faces and grant us renewed breath, raising us above the storms that threaten to tear us apart. If we pool the energy, pride, and hope carried by this national team's victory, we can make it the key that will open our country.
There is no November 18 without January 1. Let us gather on January 1, 2026, to give the Grenadiers a national parade. United around this goal, we will make January 1, 2026, the day the nation rose to break free from this crisis and move forward.








