Ki enstitisyon ki rete kanpe nan peyi nou an?
SAMDI BAGÈT
Plimeyank: Wilfrid Supréna.

Legliz? Pa ta genyen “ faux” Prophète konsa ki epapiye nan peyi a si legliz - tout konfesyon mete ansanm - t ap jwe wól yo pou fè tout moun renmen pwochen yo e vle tout sa ki bon pou yo…
Lekòl? Pa ta Genyen miltiplikasyon lekòl bòlèt konsa travèr 10 Depatman yo kote moun ki sousye k ap gade pa ka fè okenn diferans ant yon elèv ake yon Pwòf ni nan konpòtman ni nan refleksyon..kote pa janm genyen yon ane lekòl ki pase e ke kantite jou pou lekòl yo fonksyonnen rèspèkte 100%.. Pandan plis pase 20 lane…. Ki moun lekòl nou yo ap fòme?
Inivèsite? Konbyen etid? Konbyen Rezilta rechèch ? Konbyen travay sòti , Tèz sou sijè enterè pou peyi a ki pibliye chak ane? Plis inivèsite ki pa pwopòsyonèl a kantite piblikasyon syantifik rechèch ki pibliye sou Ayti ake “fait “ sosyal Aysyen an…
Palman? Palman Ou di wi? Ann fè yon kontaj konbyen lwa ki vote e ki antre an aplikasyon apwe vòt konstitisyon 1987 la? Gen yon lwa sou Edikasyon palman an te vote pou redwi kou ake depans ane akademik yo sou paran ti moun ki frekante lekòl kongreganis yo ake lekòl prive yo?
Kote Konsèy elèktoral pèmanan an?
La près? Konbyen dokimantèr ki fèt nan zile Kaymit sou varyete pwason ki genyen la? Nan Dame Marie Sou ti Pwodiktèr Kakawo? Nan Vil Opèch, vilaj Lakil Samdi Nan wout pou ale Valyèr sou pwodiksyon Nwa kajou ake pistach? Nan Vil Plaisance sou pwodiksyon yanm sigin ake myèl, nan Mamelad sou plantasyon Banbou?
Kote EPPLS ki te kreye pou fè kay a bon mache pou “ swadizan klas mwayèn” lan ake Travayèr yo nan zòn endistriyèl nan ane 70/80 yo..?
La polis? Konbyen arèstasyon ki fèt apwe lanmò ofisye polis nan fonksyon yo nan Vilajdedye? Nan Ba Latibonite, zòn Savyen… ? Konbyen enspèktèr polis ki mouri, disparèt nan sityasyon ensekirite jeneralize sa? Kote demach e tantativ pou retrouve kòr yo a ye? Li kanpe? L ap avanse ? L ap rekile??Li te kòmanse? Nou toujou panse ke Operasyon “ coup de poing” yo ap pote rezilta? 9 mwa apwe depa Aryel Kraze peyi se pa de teritwa ki pap kontinye pèdi non?
Lame, ki zòn, ki tèwitwa “ pèdi” nou penetre pou chase teworis yo e ke nou rete andedan yo pou pwoteje popilasyon an e kite y vake a okipasyon yo...
Biwo Pwemye Minis? Kote priyorite nou? Ki plan sekirite pèmanan nou genyen pou Pòtoprens ? Ayewopò fèmen wi? Ki demach e ki altènativ? Lekòl , lopital, legliz ap boule wi..Teworis yo vin pi awogan e pi odasye… Solino, Nazon nan men yo… Sa k anpeche gouvènman an pwan inisyativ pou y pase a lofansiv oubyen kontwofansiv… ? Di Pèp la, di sosyete a kote nou bloke? Teworis yo nan zèf dèstriksyon yo pale pi byen e voye mesaj ke yo pa vin jwe e yo pap fè bak? Kòman gouvènman an kominike ake popilasyon an pou rasire y pou y pase pèdi èspwa?
La Presidans 9 tèt.. Èske nou la? Di Pèp Aysyen an si nou la. Èske nou ekziste? Ki sa ki priyorite nou?
Chanje Dirèktèr Jeneral? Ki sa Nouvo yo pway fè nan moman Kris tèrib sa, Kote pa genyen vi vizyon, ni selerite pou leta fè entèvansyon pou ede popilasyon an repwann èspwa..
Chanje anbasadèr? Ki ajenda Nouvo anbasadeř sa yo pway Genyen pou byen vann Objèktif sosyo politik gouvènman an bèy leta bkote y ap reprezante e defann enterè leta Aysyen??
Nou pway Chanje delege yo tou! …. men se nan ki pèspèktiv? Nan ki Objèktif?
Men , se ki dispozisyon k ap pwan pou separe “ les bons grands de l’ivraie” anvan tout Aysyen yo mete vwa yo anvan pou boule nou tout nan k naval : “ Qui se resssmble s’assemble, qui se ressemble s’assemble.”
Nan sityasyon sosyo politik malouk Ayti ap dongoye la, nou te ka di: “ Aux grands maux, Les grands remèdes” …Men nan ka peyi d’Ayti , jan y ye la… Les maux ne sont pas seulement grands ; ils sont immenses. Gigantesques. Quant aux remèdes, aux solutions à court, moyen et long termes… Le peuple Haitien comme au temps de Diogène paradant dans Les rues microscope en mains s’esquinte à Les retrouver. En pure perte !
Yon lòt leta pou nou Konstwi ansanm!
Yon lòt peyi pou bati ansanm! Pou pa janm genyen “ Tranzisyon tèt chat ankò”.
Comments