Pozisyon yon ansanm òganizasyon ak rezo òganizasyon nan peyi a ak nan dyaspora a sou Konstitisyon, Konferans Nasyonal ak Referandòm KPT a
- Renouvo Demokratik
- 2 mars
- 6 min de lecture
Par : Biwo Swivi Akò Montana.

Nou menm, òganizasyon ak rezo òganizasyon ki siyen nòt sila a, nou deside leve vwa nou byen wo pou nou di pouvwa anplas la ak alye l yo nan nivo entènasyonal ak lokal ki enplike nan destriksyon Leta a pou yo ka rive nan defalke Nasyon an, nou di yo KANPE la ! Kanpe sou seri zak trayizon kont Nasyon an y ap ekzekite nan jan y ap chache depatcha Manman Lwa peyi a nan anons yon referandòm san pye ni tèt.
Sou kesyon Konstitisyon an
Apre popilasyon an fin goumen pou sòti anba 30 lane diktati Duvalier yo, kote peyi a t ap sibi tout kalite tribilasyon, represyon, esklizyon, pèsekisyon politik ak soufrans lamizè, nan lane 1986-1987 yo, sosyete a mobilize nan yon pwosesis patisipasyon ak anpil deba piblik, li fè pòtapòt, nan kè kontan, li bay tèt li yon zouti kote li deside li menm kijan pou sosyete a òganize, ki peyi ak ki kalite Leta li vle.
Konstitisyon 1987 la se mak fabrik divòs ki fèt ak ansyen sistèm lan nan tout sa l te reprezante. Likraze relasyon tradisyonèl ant Leta a ak Nasyon an. Li eksprime yon peyi kote kilti ak idantite pèp ayisyen an, Vodou ak lang kreyòl la pran plas donè yo. Se yon Konstitisyon ki definì Larepiblik kòm yon repiblik sosyal, ki chita sou sa yo rele ekonomi solidè ki tabli sistèmkoperativ. Yon konstitisyon ki konsakre Desantralizasyon peyi a epi kwape koze Repiblik Pòtoprens lan, kote rejyon yo, atravè Asanble Depatmantal yo vin gen pouvwa pou deside kijan y ap administre tèt yo epi defini avni yo. Yon konstitisyon ki afime peyizan yo -fanm kou gason- ak kominote riral yo dwe patisipe nan jesyon Leta a, nan nivo lokal, anndan seksyon kominal yo, anndan komin yo, anndan AZÈK ak KAZÈK ak nan Konsèy Kominal ak Konsèy Depatmantal.
Yon konstitisyon ki tabli endepandans lajistis kote se pa favè pouvwa Ekzekitif la ki pèmèt yon sitwayen-fanm kou gason- rive jij. Yon konstitisyon kote separasyon twa (3) Pouvwa Leta yo, relasyon Leta a ak Nasyon an, relasyon Leta souvren an ak entènasyonal la tabli klè. Konstitisyon 1987 la se ekspresyon souvrènte nasyonal peyi a. Souvrènte sa a deklare solanèlman nan premye fraz Konstitisyon an : « Le Peuple haïtien proclame la présente constitution: ».
Kidonk, Konstitisyon se pa jis yon dokiman, yon disètasyon sou papye. Se Manman Lwa yon peyi, se kontra antite politik ki rele Pèp la siyen ant tout kategori sosyal li yo pou mete kanpe Leta e kote li presize nan ki kad, nan ki pwosesis kontra sa a ka modifye. Se pa zafè kèk grenn « ekspè » nan koze lalwa, kèk dirijan politik ou byen kandida, ki fèmen kò yo nan biwo paske yo deside se yo ki konnen sa ki bon pou peyi a, paske dapre yo pèp la li menm pa gen kapasite. Epi yo fè yon antant antre yo, yo ba l non « revizyon konstitisyonèl », ki se pwolonjman menm metòd ak menm pwojè entènasyonal la te bay defen Prezidan Jovenel Moïse ekzekite.
Si sikonstans politik, sosyal ak ekonomik lan ta mande kèk ajisteman, gen yon sèl fason, lè pa gen Palman pou sa ka fèt komsadwa, se sèl Pèp la ki pou retounen di sa l vle. Se nan respè prensip transparans ak patisipasyon sa a Akò 3 avril 2024 la presize Kesyon Konstitisyonel la (li pa di revizyon, li pa di amandman), li di kesyon konstitisyonèl la dwe diskite epi deside anndan Konferans Nasyonal la. Se sèl fason pou sa ki gen pou fèt nan Konstitisyon an respekte frazfondamantal e solanèl sa a «Le Peuple haïtien proclame la présente constitution:».
Sou swadizan Konferans Nasyonal la
San okenn transparans ki se mak fabrik pouvwa anplas la, nan akonplisman koudeta kont Akò 3 avril la, san okenn respè pou mekanis konsiltasyon ki nan Akò a, an tizanmi, KPT a monte yon Komite pilotaj pou Konferans Nasyonal la kote yo mete kòm responsab li yon ansyen Premye minis ki gen afilyasyon politik li, ak yon seri lòt pakapala k ap feraye depi sou Jovenel pase nan Ariel rive sou KPT a.
Nan kalite kriz grav konjonktirèl, estriktirèl, istorik peyi dAyiti ap viv la, Akò 3 avril la prevwa yon Konferans Nasyonal k ap kreye kondisyon pou popilasyon an pale ak tèt li pou li ranmase desten l, nan kad òganizasyon yon kokennchenn twoke lide demokratik ak popilè. Se yon espas pou pawòl la pale piblikman, libelibè nan mitan tout kategori sosyete a, pou nou konprann poukisa pwojè demokratik Konstitisyon 87 la pa janm aplike, e pou ansanm nou rive geri soufrans istorik nou menm jan ak soufrans n ap sibi nan vyolans ki vin pi grav nan dènye lane sa yo.
Konferans nasyonal la se yon espas refleksyon ak desizyon k ap pèmèt nou wè kijan jodi a n ap mete bout ak sistèm sosyal, politik ak ekonomik ki chita sou tout kalite fòm vyolans, pou nou ranfòse kilti dyalòg ak konsansis, epi redefini règ jwèt demokratik la pou kite yon peyi pi estab ak pi jis pou jenerasyon k ap vini yo. Se nan espas Konferans nasyonal la pou n al chèche ansanm, prensip pou refonde Leta a ak sosyete a pou pèmèt tout moun viv tankou moun nan diyite yo, nan respè youn pou lòt, nan byen viv youn ak lòt, pou lapè tabli. Konferans nasyonal la se sèl fason pou pèp la vin aktè prensipal sou sèn politik, ekonomik ak sosyal yon ti gwoup moun fè dappiyanp sou li a.
Sa Komite pilotaj sa a ap fè la a, se yon lòt zak trayizon kont Nasyon an nan yon gwo manti y ap bay peyi a, yon fo konferans nasyonal. Se ak yon konpayi prive yo siyen kontra pou òganize sa yo pa pè rele Konferans nasyonal la! Y ap monte desann an kachèt nan kèk gwo lotèl pou fè konprann se konferans nasyonal y ap pilote. Vrè òganizasyon istorik yo, ki anndan peyi a kou nan dyaspora a, ki gen lontan ap goumen sou teren an, pa janm gen okenn enfòmasyon sou okenn rankont. KPT a ki ba Komite a misyon trèt sa a lage nan men yo yon bidjè 5 milyon dola amerikenpou yo gagote, pandan chak manb ap touche pou piti 700 mil goud pa mwa. Menm nan mitan yo,se konfli, se tansyon, se denonsyasyon koripsyon, yo pa menm ka fè dyalòg antre yo alewè pou yota ka fè peyi a chita ansanm. Konstitisyon tounen yon lamayòt nan bwat Komite pilotaj sa a.
Sou referandòm lawont Konsèy Elektoral Pwovizwa konteste KPT a
Pandan magouy sa yo ap deplwaye, Konsèy Elektoral Pwovizwa konteste KPT a, ranmase epi revandike eritaj entènasyonal la te bay Jovenel Moise ekzekite a, pou anonse yon referandòm lawont. KPT, Premye minis, manm gouvènman, Komite pilotaj Konferans Nasyonal, KEP konteste ansanm ak yon pati nan entènasyonal la ak gwo potanta yo pwofite sitiyasyon laterè, laperèz, vyolans, move lavi gang yo mete popilasyon an, pou yo chèche fè nou vale koulèv referandòm lamayòt la. Anplis koripsyon, enkonpetans, ak mank volonte pou frennen tren ensekirite a, KPT a ak alye li yo ap pase yon vitès siperyè nan mete kanpe pwòp pwojè politik pa yo ki depaman ak enterè peyi a. Ak pwojè referandòm sa a, se yon lòt kalite zak trayizon k ap fèt kont souvrènte Pèp ayisyen an.
Nou menm òganizasyon ak rezo òganizasyon ki siyen nòt sa a nou leve vwa nou pou n di NON ! Konplo sa a, krim trayizon sa a kont Nasyon an pap pase!
Apèl pou bloke pwojè ansasinay Nasyon an
Nou lanse yon apèl bay tout sitwayen, fanm kou gason, tout pwogresis, tout patriyòt, tout mounki kwè nan avni peyi a e pa sèlman nan avni pèsonèl yo, pou nou mete fòs nou ansanm, pou nou mobilize kont kou final sa a fòs fènwa yo ap pare pou bay Pèp ayisyen an, ansanm ak Istwa l ak idantite l ! Se yon Konplo pou mete peyi a nan yon kriz k ap pi grav toujou. Konplo sa a pa dwe pase ! Se yon devwa sitwayen pou nou Leve Kanpe. Nou lanse yon apèl espesyal bay tout sitwayen -fanm kou gason- ki nan tout laprès, medya anliy yo, jounal, radyo ak televizyon yo pou yo bay rèl nou eko pou kou final sa a pa pase. Se paske medya yo te jwe yon wòl enpòtan anpil nan lane 1986-1987 yo nan akonpaye popilasyon an nan lit la ki fè chimen demokrasi ak libète lapawòl la te rive louvri.
Sitwayen, Sitwayèn, se jodi a menm pou nou louvri kanpay mobilizasyon an. Leve kanpe toupatou nan peyi a ak nan dyaspora a pou di NON ak konstitisyon trafike lamayòt tou pare sa a ! NON ak referandòm lawont lan k ap vin antere nasyon an nèt !
N ap leve kanpe pou nou di nou chwazi kan nou, kan demokrasi a, kan chanjman an pou lonè, diyite ak byennèt Pèp ayisyen an !
Pou otantifikasyon siyati reprezantan -fanm kou gason - 503 òganizasyon ak rezo òganizasyon ki
pran pozisyon sa a:
Biwo Swivi Akò Montana:
Magalie Comeau-Denis
Jacques Ted Saint-Dic
Ernst Mathurin
Ginette Cherubin.
Comments