top of page

Ochan pou w, kanmarad Didier...

  • Photo du rédacteur: Renouvo Demokratik
    Renouvo Demokratik
  • il y a 5 jours
  • 2 min de lecture

Plimeyank : Wilfrid Suprena,

Renouvo Demokratik.


- © Novavox-

Ou pati èy jwenn madanm òw, Kanmarad Rachelle, ake tout lòt yo nan pwomosyon ake generasyon anvan w yo ki te toujou e rete kwè nan pwomès Libète total kapital ke 1804 la te pote pou fonde yon lòt limanite San Chen manje Chen, San eksplwatasyon moun ( kwakilanswa sèks èy ) sou lòt moun (kwakilanswa koulèr a yo).


Nan la Krêtapyewo, Breda , Charrier Epi Vètyèr…plizyè ras andedan yon klas ki t ap sibi pandan twa syèk yon eksplwatasyon chen anraje te montre yon lòt chimen limanite te ka pwan…..


De gwo chèn eksplwatasyon ke yon ti ponyen moun an Ewòp tap manevwe te vole gagèr..Nan peyi d’Ayti moun sa yo te Monte e aplike tout kalite konbinezon pou yo montre nou kèskelefrekan….Jouk jounen jodya…


Lèzòm ( Travayèr ake lòt klas moun ki tap sibi eksplwatasyon an Ewòp) tann 103 lane an 1917 nan ventyèm syèk la pou reyalize yon lòt gwo evènman kont yon èstrikti ekonomik ake korèspondans politik li ki nan moman n ap ekri k ap zonbifye konsyans klas moun k ap travay tout kote sou planèt la…. Sistèm eksplwatasyon a vin pi sofistike , men pi sinik tou.


Jodya, Vye Fwèr , nan travay Louvri je San kanpe a se w kòm yon gwo Mapou ki te konpwann jwèt la ki te kanpe ap batay, ki tonbe e di nou “ Senèkennorevwa”. ..


Lòt Mapou ki dèyè yo ap kontinye plante pou lòt Mapou ka grandi, gèmen e sitou fleri..


Nou dèyè toujou, kanmarad .


Nou pap lage kòrnalanbi a atè. Plakataw ap kontinye fè plaw pou jèrm lide konstriksyon Sosyete san eksplwatasyon an kote yon moun pa ka ap fè akimilasyon tout jan , tout mannyèr sou yon lòt gwoup moun, yon klas sou yon lòt klas , yon peyi sou yon kontinan …fè chimen y…

Nan tout rakwen kote mizè, malsite , krim onwan richès ake Prospérité ap layte kò yo depi bajou kase jouk labrindiswa tonbe…. Tanbou Libète total kapital la dwe gronde…


Se pou lide solidarite ake fanm ake gason ki viktim de sistèm peze souse mondyal la ke w t ap denonse a kontinye fè wout èy nan tout ti kwen kote moun ki Gen sèvo ap panse depi oksijèn lan poko tounen yon “ byen” itil tou pou yon ti ponyen ap vann li e pou yon majorite vin achte y..


Bon Vwayaj , kanmarad ….. Kò a tchoule Epi l ale.. Men lide batay la ap kanpe Tenn fas pou yon lòt kondisyon lavi boujonnen pou travayèr tout kote…


Nan wout la si w ta rankontre ake Claude René, ( Bastien), Pierre Denis, Bob, Alix, Maxime, Mehu, Ftitz, Jean … di yo gwo van tanpèt ap balanse nou , men tankou wozo nou pliye nou pap kase … ni nan tan van tanpèt . Ni nan tan sòlèy k ap fennen pyebwa ki bèy manje e ki bèy lavi..


Nou La Tenn fas…Depi do n poko a tè…

6 comentarios


Invitado
il y a 5 jours

Silence sur les Bases Militaires et la Souveraineté NumériqueLe projet ne interdit pas les bases militaires étrangères, laissant la voie libre à une nouvelle occupation américaine ou à des missions comme MINUSTAH. Il ignore aussi la souveraineté numérique, exposant nos données à la surveillance des géants technologiques ou des services secrets étrangers, comme le logiciel Pegasus.


Économie à la Merci de l’Occident (Article 192)Aucune protection contre le FMI ou la Banque Mondiale, malgré une dépendance à 70% de l’aide étrangère (Banque Mondiale 2024). Le CPT veut maintenir Haïti dans l’esclavage économique, comme les dettes qui nous ont étouffés depuis les années 1980.


Ce texte n’est pas une constitution, c’est un contrat de vente d’Haïti aux élites et à leurs patrons…


Me gusta

Le CPT et son Projet de Consti
il y a 5 jours

Le CPT et son Projet de Constitution : Une Trahison contre Haïti


Peuple haïtien, diaspora, alliés du monde entier : levez-vous ! Le Conseil Présidentiel de Transition (CPT), un groupe non élu imposé par des puissances étrangères, tente de nous enchaîner avec un projet de constitution pour 2025. Ce document n’est pas une réforme, mais un coup d’État juridique pour vendre Haïti aux élites corrompues et à leurs maîtres à Washington. Il légalise la trahison, écrase notre souveraineté et criminalise toute résistance. Voici pourquoi nous devons comprendre ce complot et le rejeter de toutes nos forces.


Un CPT Illégitime et Corrompu


Le CPT, formé en avril 2024 sous la pression de la CARICOM et financé par les États-Unis (300 millions…


Me gusta

Invitado
il y a 5 jours

Nous devons : 


Les identifier : Dénoncez leurs noms, leurs liens avec l’étranger, leurs écoles impérialistes. Cherchez leurs financements sur X, exposez leurs trahisons.


Les rejeter : Refusez de voter pour eux, de les écouter, de les suivre. Ils ne représentent que les 1%. 


Résister : Organisez-vous dans vos quartiers, vos diasporas, vos communautés. Créez des réseaux libres, hors du contrôle des élites. 


Reconstruire : Bâtissons une Haïti, un monde, où le peuple gouverne, où les richesses servent la nation, où l’esprit de 1804 triomphe.


Frères et sœurs, l’esclavage n’a pas fini. Il a changé de visage, mais les chaînes sont là. Brisons-les, comme Dessalines brisa celles de Saint-Domingue. Levons-nous contre les nouveaux colons, mulâtres, et commandeurs. Pour Haïti, pour le…


Me gusta

Invitado
il y a 5 jours

L’Esclavage n’a pas Disparu : Les Nouveaux Colons, Mulâtres et Commandeurs


Frères et sœurs d’Haïti et du monde, ouvrez les yeux ! « Malheur à celui qui se pose en protecteur du peuple pour mieux le trahir. » — Jean-Jacques Dessalines


Beaucoup croient que l’esclavage est fini. Plus de chaînes, plus de colons, plus de mulâtres, plus de commandeurs, plus d’esclaves. Ils se trompent. L’esclavage n’a pas disparu, il a évolué. Il ne vise plus seulement les Noirs, mais toute l’humanité, piégée sur une plantation mondiale invisible. Aujourd’hui, les chaînes sont économiques, psychologiques, numériques. Les maîtres sont plus sournois, les traîtres plus camouflés. Mais les rôles coloniaux persistent, masqués sous de nouveaux visages. Voici la vérité, décryptée sans compromis.


Les Colons :…


Me gusta

Jean-Mary
il y a 5 jours

Yon bel omaj byen ekri e byen mérite pou Didier

Me gusta

Top Stories

Receive our analysis and perspectives directly in your inbox. Sign up for our weekly newsletter.

  • Instagram
  • Facebook
  • Twitter

© NONAVOX . Powered and secured by Wix

bottom of page