Misyon, ki misyon? Dèstriksyon peyi d’Ayiti.
- Renouvo Demokratik
- 17 mai
- 3 min de lecture
Plimeyank : Wilfrid Suprena,
Renouvo Demokratik.

Eleman klas mwayèn ki nan politik , k ap gouvène oubyen ki nan opozisyon tradisyonèl la an Ayiti…An misyon . Mwen pat vle kwè sa…
Mwen te konn ap kache pafwa dèyè inyorans moun sa yo…, lekòl nou yo k ap fòme jenn gason, ake jenn fiy pou travay e viv tout lòt kote nan monn sa, eksèpte Ayti..
Mwen te konn ap akize gouvènman anvan yo- sitou , gouvènman Elie Lescot, Magloire, Duvalier ki pa janm bèy opozisyon politik nan peyi a ni opòtinite, ni chans pou yo òganize yo pou yo ta prezante e Bèy popilasyon an yon altènativ Ekonomik , sosyal e politik kredib . Sa te ka pèmèt yo konpwann fonksyònman leta mye, apwann fè konsansis, Kòman yo fè konpwomi pou byennèt kominote yo, peyi a. ki ta sipoze ale nan sans majorite Pèp la…….?
Mwen pale de gouvènman resan yo ( 20ème syèk la) men an reyalite si n ap byen gade nan istwa mou , sa kòmanse depi nan 19 syèk Aysyen an ake gouvènman absoliman otokrat e represif an nou yo tankou gouvènman Geffrard, Salomon ake Tonton Nò. …..
Kanta dominasyon total kapital “Yankees “ yo nan peyi a apati 1915 ki pway fasilite emèjans a klas mwayèn apatrid sa ake kreyasyon yon administrasyon Leta santralize e yon lame sou “ coupe réglée”, se ake kout pèl, Kout pikwa mwen te vle rache panno sa nan devanti kay la!
Men, dènye desizyon pou selebwe 222 ème anivèsèr kreyasyon bikoló Aysyen an nan Vil Okap la se yonn nan dènye kout pèl yo pou fèmen sèkèy la. Se ilistrasyon pafè ke Klas mwayèn sa ki se yon pwodwi nan tout sans de dominasyon peyi etranje ake gouvènans politik tèt chat ke moun Duvalier yo nan 20 ème syèk la te vrèman “ enstrimantalize” e ke gouvènman apwe yo vin adòpte kòm modèl e metòd.
Desizyon sa montre n aklè ke ekip ki t ap pale “ transition de rupture” la pat metrize ni konsèp la ni eksperimantasyon y.
Apwe ennan, pye achitèk gwo mo san valèr yo, Diskou san konsidistans bade nan labou move tradisyon…
Te eksplike popilasyon an ke selebwasyon pa posib nan moman sa ; peyi a t ap konpwann si priyorite a se te kreye kondisyon pou milye si se pa Milyon Aysyen ke atoufè mete deyò lakay a yo pou yo ta kòmanse retounen nan fwaye yo, tout moun t ap konpwann sa…
Men Se pa sa ki enterese dirijan San koutcha sa yo. Yo soud, Yo avèg . Pa etone w pou ta wè y èy kanpe devan katedral Okap abiye tankou Wa Meme pou èy pwan Ochan nan Te Deum. Gen nan yo ki ka menm sonje danfans a yo Okap pou menm ale nan Camp ( Parc Saint Victor) Epi patisipe nan defile “ Majòrette” ake ekzibisyon mouvman èspòtif tradisyonèl ke lekòl primèr - jodya lekòl segondèr yo konn reyalize nan Vil Okap chak 18 Me…
Men pou moun ki konnen Kòman leta peyi d’Ayti fonksyonnen,, desizyon nan dènye minit sa yo kote gwo lajan ap dekese nan yon ti tan kout, se toujou yon veritab “ pactole” . Sètadi yon lajan ki fèt rapid, san kontwòl , san jistifikasyon ke politisyen ake fonksyonèr kòwonpi andedan leta fè san grate tèt sou do Pèp la …
Depi w tande k naval, fèt Chanpèt, Vwayaj,fèt Nasyonal, Lanbibit a kontab an chèf nan ministèr konsène yo kòmanse bat. Menm bagèy pou kontab delege nan finans, dirèktèr bidjè nan finans, Dirèktèr administratif, chèf kabinè, Majistra , minis , yon veritab mafya nan Leta k ap veye pou “ plimen poul” la..
Yon veritab mafya k ap bèy peyi a kou anba vant.
Menm si se yon aktivite ki pwograme yon lane anvan se toujou kèlke jou anvan sèlman pou lajan an debloke nan ministèr finans.. Se konsa lajan an fèt..
Èy mennen yon ankèt serye, solid sou vwayaj ake k naval pandan 15 dènye lane sa yo nan “ Cour Supérieure des Comptes” … Epi vini ake Rezilta yo…
Lè sa n a va konstate kóman eleman klas mwayèn k ap travay nan leta oubyen ki di y ap fè politik se rafinèr, ki pa nan okenn kesyon peyi yo vin regle vre..sa
Sa w wè moun yo ki rive nan yon pouvwa ke yo ba yo e ke yo pa merite a- Pèp la pat vote yo e pa konnen yo- Gen pwòp istwa yo, pwòp misyon yo.
Nou ka rezime toulede nan yon sèl mo: Dèstriksyon.
Opmerkingen