23 JIYè 1987 – 23 Jiyè 2025, 38 lanne depi grandon ak Leta Ayisyen masakre 139 Ti Peyizan Tèt Kole nan Janrabèl ak Mawotyè.
- Renouvo Demokratik
- il y a 2 jours
- 4 min de lecture
Plimeyank : Origène Louis, Kodonatè Komite ekzekitif Nasyonal TK,
Rosemène Valdema ak Pierre Mary Louis

38 lanne aprè, Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen ap tann jistis ak reparasyon nan men mouche Leta
23 jiyè 1987-23 jiyè 2025, 38 lane depi rejim Henry Nanphy, fanmiy Lucas, fanmiy Pwadvyen,yon sektè nan legliz katolik ak konplisite anbasad Ameriken te masakre 139 Ti Peyizan Tèt Kole Jan-rabèl ak mawotyè ki se 7èm seksyon kominal pòdepè. Se te youn nan pi gwo masak peyi a konnen. Masak sa te fèt nan yon kontèks kote lit revandikasyon ak politik peyizan ayisyen an, pi espesyalman Ti Peyizan Jan-Rabèl ak Mawotyè ki tap pote labanyè ti peyizan yo nan epòk sa nan peyi a.
Tèt Kole Ti Peyizan Jan-Rabèl ak Mawotyè tap goumen pou reklame dwa pou yo jwenn tè pou yo travay, dwa pou yo jwenn dlo pou wouze jaden yo, dwa pou pwodiksyon lokal yo jwenn ankourajman nan men leta ayisyen pou valorize yo, jwenn mache pou ekoule yo, pou se pa manje sinistre, ak kontre bann, enpòte ki te pou taye banda nan mache lokal yo pou mete nan asyèt pèp ayisyen an, yo tap revandike pou tabli yon kalite leta ki kapab garanti egzistans dwa fondamantal ti peyizan yo nan peyi a, dwa pou yo viv alèz, dwa pou yo jwennn sèvis, bon jan lopital, sant sante tout kote nan peyi a. Dwa pou yo jwenn lekòl, kay pou yo rete, dwa pou yo jwenn sekirite nan peyi a, ak yon leta ki pap pwoteje asasen, kriminèl, vòlè jan sa ap fèt depi sou rejim pouvwa PHTK yo rive sou konsèy prezidansyèl 9 Tèt la.
Dat 23 jiyè a se yon dat istorik ak senbolik ki pi enpòtan pou nou nan listwa lit peyizan yo kòm klas nan sosyete a, k ap batay pou lavi miyò. k ap reklame dwa tè ak dlo pou peyizan travay pou pwodui manje pou nouri Fanmi yo ak popilasyon an k ap reklame yon refòm agrè entegral ak popile ki gen ladan entran agrikòl, kredi agrikol adapte, ankadreman teknik ak mache pou van pwodui yo, k ap batay tou kont enjistis sosyal ak enpinite. jis joune jodia revandikasyon Tet Kole pa janm chanje. Leta anti pèp ki enstale nan peyi a kap souse san mas la depi plis pase 200 zan pa janm travay sou revandikasyon yo.
Jounen jodia Peyi a kontinye anba bòt Peyi enperyalis yo, kominote entènasyonal la ak yon bann konze nan peyi a enstale yon kawo jeneralize nan peyi a pou fini ak souverènte pèp Ayisyen epi disparèt popilasyon sou bout tè ki rele Ayiti a. yo kreye tout kalite senaryo pou yo rapousuiv pwojè lanmò sa a, yo enstale nan tet Peyi a 9 restavèk sou preteks yon akò politik kont enterè Peyia, fabrike yon pwojè konstitisyon anba tab dèyè do lalwa ki voye jete tout patisipasyon popilasyon an nan gouvènans peyi a an patikilye Peyizan yo, pwojè konstitisyon enperyalis sa bay dwa ak tout etranje pou achte tè ak lòt byen ankò nan peyi a.

Malgre dimansyon kriz la rive jounen jodi a, malgre gwo pwoblèm ensekirite ki gaye nan tout peyi a kote se gang k ap fè lalwa chak jou lè yo vle jan yo vle, Kapital la fèmen ak tout wout nasyonal yo, pwodwi ti peyizan yo paka sikile, plis pase 2 milyon moun kouri kite kay yo anba bal bandi, anviwon 6.5 milyon moun k ap mouri anba grangou san parey, chak jou se yon latriye moun k ap mouri anba bal bandi tou patou nan Peyi a, teritwa pa janm sispann pèdi, zak vyolans Ayisyen ap sibi nan repiblik dominken ak gwo presyon ak menas Ayisyen ap sibi anba gouvènman Donal trump nan etazini, Fanm ak ti Fi pa janm sispann vyole, represyon menas Grandon ak gwo potanta nan Leta ap fè sou peyizan yo pou mete yo deyò sou tè y ap viv malgre tout sa, mesye dam ki nan konsèy prezidansyèl la ak tout Gouvènman defakto a pa janm di ni fè anyen pou soulajaje soufrans popilasyon an, yo pitoap fè lese fwape antre yo pou pòs kosila ak direrektè jeneral ak lòt avantqaj pèsonèl, bwote lajan pasi pala pou anrichi tèt yo, fanmi yo ak akolit politik yo epi yo fòse popilasyon an bwè medsin chwal referandòm lan pou ouvri wout pou aplike pwojè konstitisyon meriken an epiòganize seleksyon pou enplante pwojè meriken ak konze nasyonal yo genyen pou Peyi a.
Tèt Kole Ti Peyizèan Ayisyen voye jete byen lwen koze referandòm ak pwojè konstitisyon malatyonn KPT konwonpi a vle fòse pèp la vale a, konstitisyon 87 la entèdi pou chanjel pa vwa referandòm epi KPT sa ak tout manm Gouvènman ki la pa gen lejitimite, onètete ak kapasite pou mete konstitisyon 87 la an kesyon. Sèl mak fabrik KPT ak gouvènman se dechèpiye kès leta ak likide ti rès resous peyi a bay peyi enperyslis ak boujwa aloufa a.
Pou tout rezon sa yo Tet Kole Ti Peyizan Ayisyen ap lanse yon kri dalam poul di, Ase Etazini, ase Lafrans, ase Kanada, ase sekte prive, ase politisyen tradisyonel yo, ase konsèy prezidansyèl la ak Alix Didier Fiseme. Pèp Ayisyen an Pa kapab ankò tout moun ki konnen yo pa gen yon lòt peyi de rechanj oubyen ki pa mare nan pyetab peyi enperyalis yo, Pouvwa sansi sa, dwe leve kanpe nan 4 kwen peyi a pou batay kont referandòm ak kadejak yo vle fè sou konstitisyon 87 la, Nap mande tout ayisyen konsekan ak politisyen onet yo dwe mete tet yo ansanm e pran wout pou mennen peyi a nan yon chita pale fran Ayisyen ak Ayisyen pou jwenn yon fòmil avant 7 fevriye pou rezoud kriz sa k ap depafini sosyete a.
Viv òganizasyon peyizan yo
Viv lit tout pèp yo sou tout latè
Viv yon Ayiti granmoun kote enjistis, enpinite ak lamizè ap kaba
Viv yon solisyon Ayisyen pou rezoud kriz la
Aba enjistis, enpinite,referandòm ak pwojè konstitisyon meriken an,
Aba tout masak ak dappiyanp kap fèt sou tè peyizan yo
!!! JISTIS !!!, JISTIS !!! JISTIS pou tout moun yo masakre yo
コメント