Yon referandòm bidon pou legalize piyaj resous peyi a, Anmwe bare vòlè.
PAR: Mouvman Demokratik Popilè (MODEP)
Guy NUMA/ Elysee Luckner Vil.

Mouvman Demokratik Popilè ap suiv ak anpil kè sote zak sasinay byen kalkile pouvwa CPT / Fils Aimé a ap eseye fè sou konstitisyon peyi d Ayiti a. Pouvwa a ap eseye poze zak sa a pandan peyi a ap plonje pifon nan kriz. Gang okipe 2 depatman ki gen plis elektora peyi a. Pèp la kontinye ap plonje pifon nan mizè. Nap raple pou tout moun, konstitisyon 1987 la nan atik 284.3, entèdi tout referandòm ki vize chanje konstitisyon an. Pandan gouvènans Jovenel Moise la, li te mete ak akolit lokal kou entènasyonal li yo pou yo te depatya konstitisyon an san anestezi. Erezman, pèp Ayisyen an ki t ap veye, pat kite zak sasinay sa a fèt. Jounen Jodi a, se brakè CPT a ki mete ak konplis yo pou depatya konstitisyon an. Kounye a se CPT a ak gouvènman Didier Fils Aimé a k ap pote pwojè enperyalis la te bay Jovenel pote a. Kidonk, pouvwa sa a montre aklè li pa nan koze tranzisyon koupe fache. Se nan tranzisyon koupe rache a li ye. Tranzisyon tete lang ak enperyalis la, ak gang epi ak fòs reyaksyonè lokal yo.
N ap raple se pa premye fwa peyi enperyalis yo mete ak dirijan lokal yo pou legalize piyaj resous peyi a. Nan lane 1918, pandan lokipasyon meriken nan peyi a (1915-1918), dirijan ameriken yo, pami yo Franklin Delano Roosevelt te ekri yon konstitisyon pou peyi d Ayiti ak pwòp men yo. Nan konstitisyon piyaj sa a, yo te di aklè, etranje gen dwa gen tout kalite byen yo vle nan peyi a. Sa te fèt pou te fasilite epi legalize piyaj konpayi meriken yo t ap fè nan peyi a pandan okipasyon an. Alòske depi sou Desalin, tout konstitisyon yo te anpeche etranje gen byen jan yo pito nan peyi a, yon manyè pou yo te ka pwoteje richès peyi a.
Jounen Jodi a, KPT a ak gouvènman Alix Didier Fils Aimé a, pran angajman ak yon komisyon yo mete kanpe ki gen nan tèt li plizyè moun ki gen move repitasyon pou depatya konstitisyon an pou ede leta meriken rale konstitisyon yo ki deja kache nan bwat nwa anbasad meriken nan peyi a.
Mouvman Demokratik Popilè (MODEP) rele anmwe anmwe kont zak sasinay sa a, KPT a ak gouvènman Alix Didier Fils Aimé a ap pare pou fè sou konstitisyon an. MODEP mande tout Ayisyen konsekan ki kwè nan peyi a, kit yo ann Ayiti, kit yo nan dyaspora a pou yo leve kanpe pou bare kelkeswa asasen ki vle asasinen konstitisyon an ak yon referandòm bidon.
Priyorite a jounen Jodi a se pa referandòm ni chanjman konstitisyon. Priyorite a se rezoud pwoblèm ensekirite a, se voye gang yo nan prizon oubyen nan simityè, soulaje mizè popilasyon an epi ogmante salè travayè ak travayèz yo anvan nou rive nan koze eleksyon. Si KPT a ak gouvèlman Fils Aimé a paka rezoud pwoblèm sa yo, yo mèt tou koumanse mare pakèt yo anvan pèp la choute yo. Nan sans sa a, nou mande :
Pou KPT a ak gouvènman Alix Didier Fils Aimé a kanpe prese prese sou zak
sasinay yo vle fè sou konstitisyon an ak tout referandòm bidon an
Pou komisyon ki anchaje pou ede pouvwa a asasinen konstitisyon an kanpe
sou tout deba konplo k ap fèt anba chal pou planifye zak sasinay sa a. Nou
pwofite mande pèp la nan kat kwen peyi a ak nan dyaspora a, pou yo bat
chal bari dèyè tout moun k ap fè deba anba chal sou konstitisyon an menm
jan yo te fè sa sou Jovenel
Pou KPT a ak gouvènman an mete sou kote 3 brakè deklare yo ak tout lòt
brakè, vòlè nan leta a pou mete yo aladispozisyon lajistis
Pou pouvwa a ogmante prese prese salè tout travayè ki nan antrepriz prive
yo ak tout travayè ki gen ba salè nan leta a
コメント