Ve Nwèl 2024
Par : Michel Legros,
Sitwayen pou Respè Konstitisyon.

N ap swete tonton Nwèl pote konsyans pou dirijan ki pap dirije anyen yo, sa ki pa bay pyès moun regle anyen pou yo yo.
Pou tout refijye teritwa pèdi tankou moun Matisan, Kafou Fèy, Mònatif, Bapedchoz, Pòtay Leyogan, anba Lavil, Lasalin, Pòtay Sen Jozef, Granri, Ri Disant, Dipèp, Lantèman, Monseyè Giyou, Sen Maten, Bèlè, Fò Nasyonal, Pòs Machan, Poupla, Nazon, Solino, anba Delma, Laplenn, Sous Matla, Gantye eltatrye, pou sila ki jodi a twouve yo nan sant dakèy ki pa fouti akeyi yo, n ap mande pou tonton Nwèl pote kouraj, kouraj pou yo ka kontinye chache lavi.
Nan okazyon Nwèl sa a ki pa ka jwaye nou gen yon panse espesyal pou tout frè ak sè nou nan Latibònit. N ap tann siyal yo pou rezistans la tounen delivrans.
Pou tout ayisyen, fanm kou gason, n ap mande tonton Nwèl yon ti bon sans pou n sispann fè tenten nan moman sa a. Li lè pou nou pran desizyon sòti anba grif mechan ak malfektè yo. An mete tèt ansanm pou akouche nouvèl Ayiti ki nan pasaj la.
Comments