top of page

Tèt Ansanm pou n wete Ayiti nan move pas : kijan ak kiyès ?

  • Photo du rédacteur: Renouvo Demokratik
    Renouvo Demokratik
  • 5 juil.
  • 2 min de lecture

Repons pou ASO ak lòt òganizasyon chanjman

Plimeyank : Wilfrid Suprena,

Renouvo Demokratik.

- PC: Novavox-
- PC: Novavox-
Inite, wi ... Men Se ki inite?
Inite nan teyori oubyen nan pwatik... ?
Inite sou pwogram e aktivite oubyen sou pawòL...?

Kwakilanswa òganizasyon politik ( adwat oubyen agòch) ki sòti nan klas mwayèn Depaman an k ap mande Chita , inite “ pami fòs progresis yo se sou aksyon pou nou wè Kòman yo pway demele gèt a yo..Kòman n ap demele gèt an nou

  • Kòman , ki sa , ki èstrikti y ap mete an plas pou ede popilasyon an goumen kont montay fatra ki prèske tounen Vòlkan nan chak gran Vil yo..?

  • Ki èstrikti sivil/militèr y ap vin kowòdone pou ede popilasyon an Fwape ake sazinèr /Kidnapèr / tout kalite trafikan k ap montre tout lajounen kantite lajan yo ranmase nan move zak e k ap prepare yo pou vin pwan pouvwa sou pretèks y ap fè Revolisyon..?

  • ⁠Ki plan diplomatik k ap mete kanpe ansanm pou kómanse netralize fòs yo ki pway mete ansanm pou atake pouvwa k ap akote popilasyon an pou destabilize y Epi ranvèse y. ?

Inite nan peryòd gwo kriz sosyo ekonomik e politik pa Konstwi nan bèl Bel pawòl, ni nan bèl teyori, ni nan chita pale anpil, ni nan konèksyon … Men nan aksyon klèr, Vizib , enspiran kote Pèp la ka pwan konfyans de fòs èy pou pwòp enterè y e non pou enterè lòt klas ake peyi etranje..

Moun sa yo k ap mande inite a pa Gen lasimòk ase pou yon òganizasyon ta va èy fè menm yon pa kita ake yo… Ale wè pou yon pa Nago…

Titalèr Ou tande nwan yo nan kabinè Prezidan Tranzisyon, Pwemye minis tranzisyon…Dirèktèr Jeneral tranzisyon… Vrè progresis yo nan prizon pou ennan enjou… Pa kouri presipite..

Ann kontinye batay pou mete kanpe òganizasyon peyzan janm, òganizasyon travayèr djanm, òganizasyon etidyan djanm, òganizasyon fanm djanm, òganizasyon nan Sèksyon riral yo, òganizasyon nan katye popilèr yo, òganizasyon polisye ake militèr ki sòti nan matris Pèp la e ki kwè nan yon vrè chanjman andedan peyi a e ki pap kite gouvènman peyi etranje, sèvis sekrè peyi etranje, ake politisyen sankoutcha lokal detounen yo…

Se travay sa ki nesesèr nan moman an e se li k ap bèy Rezilta dirab nan tan k ap vini yo...Inite a posib, wi.Nan mitan progresis yo nan pwatik konstriktif k ap bèy Rezilta Vizib. Pa nan bèl pawòl..

Inite a posib , wi ant Patryòt yo, progresis yo, revolisyonèr tout plim , tout plimay ki mete “ dogme “ a kote e ki deside poze aksyon k ap rasanble moun . Ti aksyon, gwo aksyon k ap rebèy mas polilèr yo konfyans. Nan tèt a yo. Nan peyi a. Nan lavni an pou yo Konstwi yon lòt sosyete Aysyen ake fòs Kouraj a yo…

Viv yon inite Aktif e Mobil..

 
 
 

Comments


Top Stories

Receive our analysis and perspectives directly in your inbox. Sign up for our weekly newsletter.

  • Instagram
  • Facebook
  • Twitter

© NONAVOX . Powered and secured by Wix

bottom of page