top of page

Samdi Bagèt

Photo du rédacteur: Renouvo DemokratikRenouvo Demokratik

Par : Wilfrid Suprena


Yon ti kozri istorik sou kesyon chèf an Ayti nan peryòd kontanporen an…


Kesyon fondamantal yo se:

1. Kòman yo vin chèf!

2. ⁠Poukisa yo vin chèf?

3. ⁠Ki echelon yo monte, yo gravi anvan yo vin chèf?


Men Yon “ Èd memwa” ki ka ede anpil nan nou wè kote nou gad lè n ap pale de peyi, de leta, Epi de “ lidèr politik, de chèf”.

a. Prezidan Dumarsais... Grand Planteur, Manm kabinè Prezidan Sténio Vincent, Depite zòn Verrettes, … Manm Asanble Nasyonal, Prezidan...Gen yon kote y sòti, Gen yon kote y pase pou y rive Prezidan…

b. Prezidan Paul Eugène… Fè tout karyèr li nan lame D’Ayti...De Lyetnan a Jeneral… Li genyen yon pakou nan leta...

c. Prezidan Nemours Pierre Louis ( provizwa). Avoka, Ansyen Jij. Li te sòti nan Kou Siprèm peyi d’Ayti.. d. Prezidan Pierre Eustache… ( provizwa) Avoka, Pwòf, sendikalis..Fondatèr Pati politik ( Mouvman Ouvriye Peyzan/MOP) … Li genyen yon pakou politik..men li pat konnen sa ki leta a...Te genyen Junte militèr ke Léon Cantave t ap dirije ( Lame goumen ake lame sou lidèrship li)

e. Prezidan François ... Medsen, sendikalis, ideyològ, minis travay sou Estimé, manm fondatèr Pati politik MOP… Li te fè Eksperyans nan Leta... kòm minis travay…

Men a pati 1971…

Baton an chanje bout nèt…

f. Prezidan Jean Claude … Sèl eksperyans politik li se te gade papa y k ap dirije… Li pa fè karyèr okenn kote.. Ni nan òganizasyon politik, ni nan lame.Ni nan fonksyon piblik...

g. Prezidan Henry ake Prezidan Prosper ( pwovizwa)… Yo genyen yon karyèr nan lame… Sèlman..Yon fwa ankò nan istwa nou , lame te goumen ake lame sou lidèrship a de Jeneral sa yo...

h. Prezidan Leslie François… ( provizwa), inivèsitèr, ideyológ demokrat kretyen.. Fondatèr pati politik (RDNP), Okenn eksperyans nan fonksyon piblik la, nan leta…

I. Prezidan Ertha… ( provizwa) Avoka, li sòti nan lakou siprèm peyi d’Ayti. Okenn eksperyans nan òganizasyon politik. Ni nan fonksyon piblik (leta administratif).

j. Prezidan Jean Bertrand...Jèn Pèr, teyolojyen radikal ke anpil evèk ake Pèr nan peyi amerik latin yo te enflyanse Tankou Angelleli ( Ajantin), Romero ( Salvador), Camillo Torres ( Kolonbi), Les Frères Cardenal ( Nikaragwa)… Li rive Prezidan ake yon Diskou anti sèlman. Okenn eksperyans nan òganizasyon politik ni nan fonksyon piblik la...

k. Prezidan René… ( de manda akonpli ). Militan nan òganizasyon politik radikal de goch Nan Peyi Ewòp ake Ayti. Okenn eksperyans ni Karyèr Nan Òganizasyon politik ofisyèl koni ni nan leta anvan y te rive nan pòs Pwemye minis, Dirèktèr FAES Epi Prezidan de fwa..

l. Prezidan Joseph Michel ( yon manda). Karyèr sèlman nan mizik moun danse nan “ cabaret, boìte de nuit), Pa Monte okenn echèl nan pati politik ki te la anvan. Ni nan fonksyon piblik la (leta administratif)… Manm fondatèr yon pati politik kreye anvan e pou elèksyon , Rezistans Peyizan ke yo te vin rele lè y te pwan pouvwa a: “. Parti Haitien Tèt Kale”… Nwan Pati a te deja endike Objèktif li ta pway rapouswiv..

m. Prezidan Jocelerme ( provizwa), Nómalien ( langues Vivantes), inivèsitèr , ekonomis bwanch finans..Yon gwo pakou nan fonksyon piblik la kòm senp anplwaye Dirèksyon Jeneral Enpo (kontribisyon) rive nan tèt èy plis li te minis Enteryèr sou Aristide 2, li te sekretèr deta nan ministèr Finans Epi Senatèr , Prezidan Nasyonal anvan y te Monte Prezidan provizwa...

n. Prezidan Jovenel...Antwepwenèr … Okenn pakou reyèl ,,okenn karyèr ni nan pati politik ki “ connu) ni nan politik administratif la oubyen fonksyon piblik la……

Mwen te fè nou “ grâce” de woulawou politik ki tap fèt nan peyi a ant 1991 e 1994 Epi 2004/2006.

Epi nou pap pale de pyès teyat komik sa yo e ki Trajik tou pou kantite Aysyen k ap mouri , kite lakay a yo, kite peyi a, travèse kantite peyi a pye nan chache sa kretyen yo rele “ La terre promise” , ke y ap leve rido yo pou yo jwe yo depi lanmò Jovenel an Jiyè 2021…

Alòs si nou wè nan jou 18 novanm 2024 la pou selebwasyon 221 nyèm anivèsèr batay desizif nan yon ti mòrn tou pwe Vil Okap an Ayti ki te dwe fè tout Pèp sou la tèr ( nwa, bwen, jòn, blan ) yo te kolonize fyèr, Reprezantan leta administratif peyi pa mete pye nan legliz la pou Te Deum, Enben konnen leta jan nou te konnen y depi apwe 17 Oktòb 1806 la pa ekziste ankò…. Leta Aysyen an kraze plat atè. Tout chèf ou tande a se gwo non k ap touye ti chen. Se gwo van, lapli yenyen… Sa nou kontinye ap rele chèf yo pa ka fè ni di anyen ankò…

Se bèl rad, fè chèlbé, Diskou rococo… Epi anyen ankò.

Enben , se nan moman sa tou pou n ap chante ake Toto Bizsainthe, yon fanm Okap: “ Pa kriye Ti manman, pa kriye” “ Sonje Tèr D’Ayti sa y te ye” “ Se manman Libèrte” “ Si y tonbe , la leve”...

Et, bien sur les ruines de cet état semi féodal et néo colonial qui a detruit valeurs, symboles et toutes lueurs d’identité nationale … Continuons à nous battre sans fanfaronnade pour la construction d’un état moderne, souverain, Démocratique et populaire. Socialiste, en peu de mots! Avec les Haitiens. Pour tous les Haitiens!!

Comments


Top Stories

Receive our analysis and perspectives directly in your inbox. Sign up for our weekly newsletter.

  • Instagram
  • Facebook
  • Twitter

© NONAVOX . Powered and secured by Wix

bottom of page