top of page

Poziyon Plizyè Sendika Ayisyen

Photo du rédacteur: Renouvo DemokratikRenouvo Demokratik

Konsènan deklasyon pèmèt Prezidan fransè a Emmanuel Macron fè sou sityasyon Ayiti

aprè rerevokasyon Gary Conille la.

Prezidan fransè a deklare yon bò : "se Ayisyen ki detwi, touye Ayiti", yon lòt bò li deklare :"Garry Conille se te Premye minis "super", li te "fòmidab" epi yo revoke li," .kidonk Ayisyen yo se yon bann "kon" yon bann moun san sèvèl .

Premye konsiderasyon

Nou menm nan Sendika yo n ap fè sèke deklasyon sa a rantre nan kad pratik enjerans abityèl Puisans enperyalis yo tankou meriken, fransè ak lòt an Ayiti pou kontinye fè bappiyanp sou Peyi a . Epi sa tradwi tou , yon atitid kolonyal ak mank respè Prezidan Macron pou pèp Ayisyen an ak tout moun kap dirije li yo tou;

Dezyèm konsiderasyon

Li se yon *vyolasyon konvansyon " Vienes" ki pa otorize okenn Peyi foure bouch yo nan sa ki pa regade yo , nan zafè entèn yon lòt Peyi;

Twazyèn konsiderasyon

Si Emmanuel Macron estime Garry Conille "extra", "super", "li fòmidab" konsa, li ta ka enpoze li Kòm Premye Minis Peyi Lafrans, epi lè sa a Conille t ap ede Macron vini fòmidab tou an Frans kote gen anpil pleyen kont Emmanuel Macron Kòm Prezidan ;

Katriyèm konsiderasyon

Pou jan Loksidan ,sitou Lafrans pa vle wè Ayiti akoz de Viktwa batay Vètye a ke Zansèt nou yo te ranpòte sou gwo Lame Napoleyon jou ki te 18 novanm 1803 a. Kòman yo ta ka vle nou gen dirijan super ak fòmidab kap dirije nou? Tout moun ki gen bon sans ta deja konprànn ki kalte jwèt mètdam kap jwe la a! Paske lè yo menm ki pa vle wè Ayiti, yo menm ki toujou ap enpoze Tchoul yo Kòm dirijan nan tèt Peyi nou an deklare yon dirijan bon, nou ta deja konnen yon moun konsa pa ta ka fouti yon bon moun ni yon bon dirijan pou Ayiti. Anplis ,konivans ki ta sanble genyen ant Garry Conille ak gang Teworis ta ka montre ki kalte moun li ye ak ki kalite move djòb sal li tap fè kont Pèp Ayisyen an nan tèt Leta a.

Senkyèm konsiderasyon

Macron sanble gen Memwa kout oubyen pèdi memwa li. Li ta sanble bliye move konsekans Eskwokri Istorik 1825 Lafrans fè sou Ayiti, kote avèk konplisite Ayisyen trèt epòk la, li te oblije nou peye pandan plis ke yon Syèk yon Swadizan dèt Endepandans ki detwi ekonomi Peyi nou epi pèmèt ekonomi pa yo ranfòse, li pèmèt tou *Konstriksyon "Tour Eiffel" kap ranpòte Lafrans anpil anpil milyon chak jou.

Nou menm nan Sendika yo, n ap raple pou Macron sa yo ki vrèman touye Ayiti se:

1) Gwo eskwokri Wa Charles X te komèt kont Pèp Ayisyen ak konplisite trèt lokal yo an Avril 1825 la. San dout nou ka di: Restitisyon ak Reparasyon Lafrans poko fè jouk jounen jodia ap touye Ayiti vrèman;

2) Vòl resèv lò nou Meriken te fè nan dat 17 desanm 1914 kote jisjaprezan yo pokò janm restitye nou li ni repare nou;

3) Enjerans ak dominasyon politik ak ekonomik Puisans Enperyalis yo tankou Lafrans, Kanada Meriken sou Ayiti ,kote se yo kap enpoze Bandi a kòl yo, Restavèk yo PHTK nan tèt Peyi nou, bagay sila a touye peyi nou.

4) Plan Newoliberal la yo enpoze depi lane 80 yo fini ak ekonomi Peyi D'Ayiti, touye Ayiti nan ogmante Mizè, Grangou Depandans politik ak ekonomik;

5) Jenosid an silans Puisans Enperyalis yo ap manniganse la a ak sipò kolabo -lokal, Oligak Krimimèl, Gang a Kòl tankou Gang a Sapat yo ap touye Ayiti;

6) Zam ak Minisyon meriken ak lòt ankò pa sispann voye an Ayiti jan ankèt ONUDC montre sa pèmèt Gang Teworis yo ranfòse sitiyasyon Kawo Pèp ayisyen ap sibi la a jounen jodia a.

Sa nou site la yo se kèk nan bagay kap touye Ayiti vrèman ,kote Emmanuel Macron pa ditou Inosan. Li pa gen okenn leson li ka vini bay Pèp Ayisyen an.

Pou nou fini, CPT a ke Macron trete de Kon an ta dwe pran tout Mezi Diplomatik nesesè pou egzije Macron vale deklasyon sila a epi prezante eskiz li bay pèp Ayisyen an ak moun k ap dirije li yo.

Deklasyon sila a, ta dwe fè tout Ayisyen ki gen san Dessalines nan venn yo konprann nesesite pou nou oganize Batay liberasyon nasyonal la ki gen pou wè ak batay kont enjerans etranjè, batay pou reprann souverènte nasyonal nou ak dwa pou nou chwazi an granmoun moun ki dwe dirije nou.

Anfen ,batay Liberasyon nasyonal la enplike batay kont tout Ayisyen restavèk trèt ki fè kò ak etranje a pou tante vann ak detwi Peyi nou. Li eksplike tou batay pou Restitisyon ak Reparasyon ki dwe mennen nan tèt kole ak tout Pèp nan mond ki nan goumen.


Viv yon Ayiti granmoun ak Dirijan politik granmoun ki gen nen.

Viv yon Ayiti kote byenèt la blayi pou tout moun.


Sendika ki siyen yo se:


  • Garry Lapierre, Syndicat du Personnel du Ministère de L'Education Nationale et de la Formation Professionnelle (SPEMENFP)

  • Bathol Alexis, Syndicat pour la Défense des Employés de l'OAVCT (SDE /OAVCT)

  • Esther Eloy , Association Nationale Syndicale des Transporteurs Visionnaires D'Haiti (ANSTVH)

  • Louiné JOSEPH, Solidarite Syndicat pour une Nouvelle Haiti par L l'Éducation *(SONHED)

  • Me Schelomith Dorvil, Syndicat des Huissiers de Justice de la République d'Haïti (SHJRH)

  • Me Ainé Maten, Association Nationale des Greffiers D'Haiti (ANAGH)

  • Ferdinand Jean-Mary, Collectif des Enseignants pour la Nouveauté de l'Éducation en Haiti (CENEH)

  • Adler Alexis, Mouvement des Enseignants des Ecoles Nationales (MEEN)

  • Gene Gary, Rassemblement des Éducateurs Progressistes D'Haiti (REPDH)

  • Josué Merilien, Union Nationale des Normaliens d'Haïti (UNNOH)

3 Comments


Guest
Nov 27, 2024

Emmanuel Macron parèt egzajere ak deklarasyon l fè a...

Men pou m onèt, franch epi sensè avèk nou li gen yon ti kras rezon paske mwen poko janm wè sendika sa yo revandike pou yon bagay ki pa lòt ke ogmantasyon salè, kat Debi ak bonis...

Yo pa janm revandike pou deriv kap fèt nan bwat yo, lè yo denonse yon moun konnen se paske entèrè mesken yo menace.


Avan nou di Emmanuel Macron manke nou respè, mande tèt nou "èske nou pa enplike vrèman? Èske nou pa bay aksè pou l di jan de pwopo sa yo?"


...

Like

Guest
Nov 27, 2024

Zons pou ns. Sa nous utile, li ge rezonl vre em respecté sa c yu reaction sincère du ra le bol avec nous, nou pap f effort nap akize moun. Gt mm nous tt. C mande ns bon pou mande selman.

Like

Guest
Nov 27, 2024

Kisa sa itil nou, poukisa nou pa goumen pou peyi a pito on bann polis sousou poukisa on jèn nan police la pa fout bann salopri sa yo on koudeta

Like

Top Stories

Receive our analysis and perspectives directly in your inbox. Sign up for our weekly newsletter.

  • Instagram
  • Facebook
  • Twitter

© NONAVOX . Powered and secured by Wix

bottom of page