top of page

Mesaj Solidarite pou Brigadye Kanapevè

  • Photo du rédacteur: Renouvo Demokratik
    Renouvo Demokratik
  • 4 mai
  • 1 min de lecture

Par : KOMITE SOUTYEN KANAPEVĖ(KOSIKAV)


- Seremoni  omaj pou Brigadye ki tonbe/ Plas Kanapevè 3 me 2025-
- Seremoni omaj pou Brigadye ki tonbe/ Plas Kanapevè 3 me 2025-
Dyaspora a nan Nouyòk salye kouraj ak detèminasyon brigadye kanapevè ki tonbe nan batay pou sekirite, jistis ak otodefans konpatriyòt nou yo.
Nap salye konpatryòt ki viktim osnon blese. N ap di yo kenbefèm pa lage.
Etensèl sila a reflete nesesite pou tout zòn kapital la tankou pwovens konnen se mèt kò ki veye kò.
Ayisyen anndan kou deyò genyen je yo brake sou kanapevè ki konprann klèman se pa leta tyoul, kowonpi, piyajè ki ka pote solisyon pou rezoud pwoblèm malouk Ayiti ap konfwonte jodia.
N ap salye tout zanmi, fanmi brigadye ki tonbe yo. Nou pap janm bliye sakrifis yo. San yo pa koule pou granmesi. Sakrifis sa yo reflete bon jan tradisyon ayisyen vanyan fanm kou gason.
Viktwa se pou pèp ki batay.
VIV KOLABORASYON POPILASYON AN AK LAPOLIS AK SOLDA KONSYAN
SĖL SOLISYON POU SÒTI NAN SITIYASYIN MALOUK NOU YE A SE PĖP LA KI POU ANTRE NAN BATAY.

Comments


Top Stories

Receive our analysis and perspectives directly in your inbox. Sign up for our weekly newsletter.

  • Instagram
  • Facebook
  • Twitter

© NONAVOX . Powered and secured by Wix

bottom of page