Kisa k ap fèt pou lopital la relouvri ?
MOUVMAN JISTIS, ETIK AK SOLIDARITE ( MOJES).

MOJES vle atire atansyon nou tout nan peyi a, e atansyon responsab Leta yo , an patikilye,sou yon gwo malè ki kontinye pandye sou tèt nou tout. E chak jou ki pase sa sanble ap vin pi mal.Nan yon editoryal redaktè an chèf journal Le Nouvelliste siyen, "Les hôpitaux ferment, l’Etat haïtien ne réagit pas", Frantz Duval atire atansyon nou sou yon reyalite anpil moun ap fèmen je sou li : se kijan jwenn laswensay nan lopital ap vin pi difisil akoz aktivite nèg ak zam. Verite a : Peyi a te deja gen gwo feblès nan kesyon sa a, pi fò moun nan peyi a pa t gen aksè a swen sante : sistèm sanitè yo te kouvri pou apèn 47 pou san nan popilasyon an. Ak sitiyasyon kraze brize ki nan peyi a, depi kèk tan, li klè se absè a ki monte sou klou pou pifò moun nan peyi a. Sa ki inadmisib. Sa pa dwe rete konsa. Aktivite nèg ak zam yo pa dwe fè nou akspete pou pifò lopital Leta ap fèmen sitou nan rejyon metwopolitèn lan. Sa pa posib pou otorite nan Leta a, chita souwozèt yo pandan lopital ap fèmen.
Sekirite ak swen sante pou popilasyon an se responsabilite Leta. Leta dwe garanti sekirite, Leta dwe garanti aksè pou moun malad rive al pran swen lopital. Se pa youn oubyen lòt. Kisa k ap fèt annatandan aktivite nèg ak zam anpeche fonksyonman enfrastrikti lasante ki nan peyi a .N ap fè remake : Lè gaz pa ka distribiye nan Tèminal Vare li ta sanble toujou gen mezi ki pran (nou pa janm konnen tout mezi ki pran pou sa). Antouka, nou toujou konstate sou koze gaz sa a,toujou gen yon solisyon ki vini. E pou lopital yo menm? Ki mezi ki pran pou pèmèt yo fonksyone :
Pou garanti sekirite pwofesyonèl lasante yo nan al travay ?
Pou garanti sekirite malad ak blese ki bezwen rive lopital pou jwenn swen ?
Koze aksè a swen sante toujou yon gwo moso menm nan tan lagè. Se poutèt sa gen Dwa Lagè (Droit de la guerre). Lenmi k ap batay yo pase anpil tan nan chèche antant sou koze sa a, pandan yo kontinye ak goumen youn kont lòt. Leta gen reponsabilite sekirite tout moun k ap viv sou teritwa nasyonal la. Sa vle di li kontinye gen responsabilte anvè moun k ap viv nan zòn ki sou kontwol nèg ak zam yo. Yo se Ayisyen tou.
Di nèg ak zam ap fè « la pluie et le beau temps » nan zòn lopital la, se sa k fè l li fèmen se vre. Men kisa k ap fèt pou lopital la relouvri ? Kesyon sa a, se pa lapolis ak lame ki gen pou reponn li. Se kesyon pou otorite politik yo. Chache jwenn repons pou popilasyon an kontinye jwenn aksè pou swen sante rantre nan demach Etik responsab Leta yo dwe bay tèt yo. Se yon ijans.
Suze Jean
Ronald Jean
Comments