top of page

Brakaj meriken 17 desanm 1914: Yon evènman malouk kont senbolis Revolisyon 1804 la .

Photo du rédacteur: Renouvo DemokratikRenouvo Demokratik

Par: Kolektif Ranson yo.

Affich Kolektif Ranson 1825
Affich Kolektif Ranson 1825
  1. Kontèks

Lane 2025 la ap fè 200 lane depi Lafrans peyi kolonizatè te enpoze Ayiti sou gwo menas zam pou li peye yon dèt pou dedomaje pwopyetè franse yo, pou l kapab rekònèt endepandans li 21 lane aprè revolisyon 1804 la. Yon revolisyon ki te rive charive lòd kolonyal ki te chita sou sistem kapitalis/ esklavajis, liberalis ak rasis. Malgre batay pou te pran libète nou sou san, 17 avril 1825, reprezantan Leta ayisyen mete ansanm ak gwoup sosyal dominan epòk la dakò siyen yon òdonans pou Ayiti peye Lafrans yon ranson pou dedomaje ansyen kolon pwopyetè yo. Desizyon sila pral fè Ayiti konnen yon nouvo fòm kolonizasyon ki pral gen gwo konsèkans sou plan ekonomik, enviwonnmantal, sosyal ak politik sou peyi an e patikilyèman sou peyizanri ayisyen an. Li pral anfonse peyi a nan yon maras, nan yon yon degrenngolad ak yon sik povrete san fen ki kontinye jouk jounen jodi a.

Anmentan, nan lane 1914, peyi d’Ayiti pral konnen yon lòt òldòp. Fwa sila se peyi Lèzetazini ki pral mennen sa. Konsa, 17 desanm 1914, 8 marines lame meriken peyi Etazini pral pote ale nan Citibank peyi yo rezèv lò peyi dayiti ki te senk san mil (500.000) dola nan peryòd sila. Yon fwa ankò, òldòp sila genyen gwo konsekans sou lavi ekonomik, politik ak sosyal peyi dAyiti. Vòl sila pral plase Ayiti nan yon sitirasyon malouk pou peryòd la pou kapab enpoze peyi a volonte peyi Etazini kòm pisans enperyalis men tou gen maranday avèk batay ki te genyen ant divès pisans enperyalis yo alepòk. Vòl se yon fason pou enpoze volonte peyi Etazini, pou gen kontwòl Dwán ak finans peyi a e chita lokipasyon an. Li te posib tou gras avèk konpliste dirijan Banque République d’Haïti (BRH) yo. Nan tout vòl yo, toujou genyen dirijan ayisyen yo kòm yon faktè enpòtan, sa ki montre nou timounizasyon ak “restavèk”.

Li parèt kapital jounen jodi a pou ayisyen mete tèt yo ansanm pou non sèlman sòti nan angrenay povrete sila men pou reprann sans batay pou libète zansèt nou yo. Se nan sans sila, plizyè gwoup moun anndan peyi pwofesyonèl, pwofesè, etidyan ak lòt ki pral bay plizyè kolektif nan diferan espas tankou Inivèsite nan peyi a ak nan lavi nasyonal la pou chita yon seri refleksyon ak aksyon sou kòb sa Lafrans kase ponyèt nou pran an. Ansanm kolektif sa yo, bay tèt yo misyon pou pwopoze yon fòm refleksyon ak apwòch nouvo sou dèt ak òldòp peyi a kontinye ap konnen depi apre lendepandans. Anfèt, nou konsidere l dèt/òldòp sila yo kòm lòt fòm ranson sou peyi a.

Se nan sans sa, pou kontinye reflechi, chache altènativ e gade enfòmasyon nan tout rekwen peyi a, Kolektif la bay tèt li misyon pou òganize yon seri aktivite 17 desanm k ap vini la ki make 110 lane depi òldòp sa, epi mande restitisyon ak reparasyon.

  1. Prezantasyon ak objektif kolektif la.

Kolektif la se yon estrikti ki kreye nan lide pou diskite kesyon dèt la epi pataje enfòmasyon yo sou kisa dèt la avèk tout moun. Se yon enperatif pou tout moun e sitou ayisyen konnen kisa dèt la ye e poukisa nou dwe kontinye mande restitisyon ak reparasyon.

Kolektif la pran nesans Jou ki te 23 novanm 2023. Gwo manman objektif kolektif la pou l mennen kesyon ranson an/ dèt la nan tout lakwen nan peyi e nan lemonn pou moun sitou ayisyen konprann konsekans sa genyen sou peyi men tou pou kapab angaje yo nan batay pou restitisyon ak repasyon an.

Pou rive fè sa, kolektif a ap rapousib plizyè ti objektif epi eseye tabli verite:

  • Sou ansanm estrateji Lafrans te itilize pou fè Ayiti peye yon kòb pou rekonèt endepandans nou

  • Sou ranson/òldòp peyi Etazini te fè sou rezèv lò nou nan peyi Dayiti

  • Idantifye ki gwoup moun an Frans ki te gen enterè nan sa? e ki gwoup moun an Ayiti ki te ge enterè nan sa? Kisa ki te reyini Moun sa yo? Kibò yo te rankontre ?

  • Ki gwoup sosyal ki te desisyon sa plis frape?

  • Ki konsekans sa genyen sou anviwonman peyi a?

  • Ki konsekans li genyen sou sa Ayiti vin ye jodi a?

  • Se yon kad refleksyon ak aksyon pou ede mande reparasyon ranson endepandans lan

  • Montre enpak dèt la genyen sou lavi sosyal, ekonomik ak politik pèp Ayisyen an, nan lide pou n angaje plis moun.

  • Rive mennen yon politik nan lide pou n rekipere lajan peyi lafrans te fòse l bay la pou rekonsans endepandans nou

  • Sansibilize plis moun sou koze sila, e rive fè yo angaje yo nan lide konsyan de gwo enpak evènman sa gen sou kondisyon y ap viv depi kèk tan nan peyi a.

  1. Yon ti koudèy sou òdonans 1825 la

Anvan, li enpòtan pou n konprann òdonans lan se yon ranson kote yon ansyen metwopòl peyi Lafrans nan ka pa nou an Ayiti vle egzèse fòs li sou yon ansyen koloni men li tou rapòchman elit ekonomik franse sitou bankye yo ak yon klas politik e ekonomik an ayiti ki rive akimile te riches pandan peryod 1806-1825.

Òdonans 1825 gen 2 sinifikasyon :

a) Pa konsidere ke Ayiti se yon peyi granmoun. Tèm òdonans lan menm montre se yon lòd pou egzekite e san konsansis, li montre se pa yon trete ant 2 peyi. Sans li te genyen nan peryòd la se tout ak jiridik Wa a pran sou teritwa li ap dirije. Itilizasyon mo òdonans lan vle di Ayiti se yon pwovens Lafrans. Anplis mo konsede ki itilize nan òdonans montre aklè se Lafrans ki bay Ayiti endepandans e pou sa li dwe dedomaje l. Nan sans sila, se kòmsi nan mond lan genyen yon ti klik peyi ki siperyè e se yo ki ka di ki peyi ki granmoun tèt li.

b) Òdonans lan plase nou tou nan yon dinamik kont revolisyonè ki voye jete tout sakrifis, tout estrateji lit ak tout bagay mawon yo/esklav yo te mennen pandan plizyè santèn lane pou rive libere tèt yo e ban nou lendepandans. Lrive nan yon moman peyi a vrèman pasifye e lame endijèn nan pa egziste ankò. Koudeta kont Dessalines kreye bonjan kondisyon pou favorize ranson 1825. Koudeta sila kase pwosesis koupe fache a avèk kolonyalism lan. Li wete nannan revolisyon an (te yo pye bwa yo se pwopriyete leta, ayiti peyi granmoun, tout moun se moun…). Li pral pèmet ansyen lib ki te pèdi batay 1799-1800 (gè disid la), ki konsidere yo kòm eritye kolon franse pran kontwòl peyi a e anplis kèk nouvo lib tankou Henry Christophe ki pat antre nan pwosesis negosye ak Lafrans ak kèk figi ki te chwazi vanje Dessalines tankou Goman ( ki pat antre nan pwojè pwodwi danre pou ekspòte men pito chwazi pwodwi pou reponn ak bezwen lokal) te mouri nan lane 1820.

c) Genyen tou dinamik ki te genyen nan peyi Lafrans (retou ansyen rejim, pouvwa bankye yo ki ap elaji, leta franse vini prensipal koutye bankye yo pou leta Franse men m e pou lòt peyi…).

Seri evènman sa yo pral kreye yon moman ideyal pou vin pi pwòch Lafrans e rantre nan negosyasyon avèk li men tou te pèmet ansyen lib yo e kèk nouvo lib fè dappiyanp sou pi bon tè yo e mete yo nan kondisyon pou chèche mache pou vann e mache pou achte.

  1. Yon ti koudèy sou òldòp 1914 la

Nan lane 1915, marines meriken pral debake sou teritwa pou okipe peyi a men an debakman an, jou ki te 17 desanm 1914 avèk sipò e konpliste dirijan Banque République d’Haïti (BRH) yo, Marines meriken yo rantre e vòlè rezèv lò peyi dAyiti ki te estime alepòk pou yon valè 500.000 dola vèt pou pote ale nan Citibank peyi Nouyòk. Nou konsidere anndan kòlektif la se yon òldòp.

17 desanm 1914 lan enskri:

  • Nan lojik pou ka kase tout senbolism 1804 la

  • Se yon aksyon ki mete peyi ajenou. Rezèv lò yon peyi se yon garanti pou l fè tranzaksyon avèk lòt peyi, pou l okipe yon plas nan tranzaksyon ekonomik mondyal yo. Lè yon peyi pa gen rezèv lè lòt peyi yo nan sitiyasyon pou yo fè l asepte nenpòt kondisyon e enpoze l lwa ekonomik yo, peyi sila vin sanse ap sibi lwa mache a e vin pa genyen okenn mwayen ak zouti negosasyon ekonomik avèk lòt peyi. Evènman sa a rive nan moman kote sistèm kapitalis la ap fè fas ak yon kriz “Capitaux improductifs” ( yon pati lajan kapitalis plede ap rete nan men yo), sa fè peyi tankou Angletè, Almay, Lafrans ak Etazini poukont yo posede 80% lajan ki ap sikile nan mond lan. Peyi sa yo chwazi ekspote lajan yo pa rive envesti lakay yo. Nan sans sa Ayiti tounen menm jan ak tout lòt peyi yon senp espas batay ant peyi enperyalis sila yo nan epòk la kote chak ap eseye pozisyone bank yo oubyen chèche kontwole prensipal bank ki genyen nan peyi yo pou envesti lajan enpwodiktif yo.

  • Nan ka Ayiti tout batay la se kiyès k ap kontwole bank nasyonal Ayiti ki se yon ensitisyon franse jis nan lane 1910.

Dapiyanp peyi Etazini fè sou rezèv lò peyi dAyiti nan bank (BRH) la nan jou ki te 17 desanm 1914 se yon efò pou yon kontwole bank lan men tou li se yon repons ak rezistans dirijan ayisyen nan peryòd la kont veleyite meriken pou kontwole finans peyi a jan yo kontwole l Kiba ak Repiblik Dominiken.

  1. Travay kolektif la / Reyalizasyon

Kolektif la reyini omwens 1 fwa chak semenn avèk manm li yo. Nan divès reyinyon sila yo, manm yo bwase lide sou tèks, sou dèt la/òldòp/ ranson yo an jeneral (rezon, kontèks, elatriye) epi gade koneksyon ak konesans sa genyen sou lavi an Ayiti jounen jodi a. nou chwazi pou nou li. E nan kolektif la, nou sitou travay sou tras dirijan epòk la, temwen fransè oubyen ayisyen elatriye, ki te la nan peryod la. Nan yon lòt moman nou gade tou travay ki te fèt nan fen 19yèm, 20yèm syèk ak jounen jodi a tou.

Sa ki vin pèmèt nou menm, manb kolektif la vin an mezi pou devlope kapasite nou, epi angaje n pi byen nan demach nou tanmen an. Aprè plizyè diskisyon nan kolektif la, nou te wè nesesite pou òganize kèk seminè sou ansanm prewokipasyon nou koze ranson an.

Anndan kolektif la tou, li enpòtan pou fòme manm yo e pèmet yo kapab avèk metòd byen chita konpreyansyon ak refleksyon yo. Se pou sa, 2 seminè te òganize. Youn pandan 2 seyans avèk profesè Roland Belizaire sou kijan sosyete a te ye : se te yon sosyete ki te divize an klas. Epi yon lòt pandan 3 seyans avèk profesè Leslie René sou evolisyon sistèm kapitalis la nan peryòd 19yèm syèk la nan diferan peyi tankou lafrans, angletè ak Etazini. Kisa ki eksplike dinamik ekonomik peyi sa yo pa evolye nan menm nivo. E ki lyen dinamik ekonomik peyi lafrans genyen ak koze ranson 1825.

Objektif final 2 seminè sa yo, pèmèt nou chache konprann epi kesyone tèt nou sou : Èske pat gen gwoup privilijye ki te entèrese ak rapwochman peyi lafrans, ki fè nou rive peye lajan sa? Anplis, konprann tou poukisa Lafrans pat chwazi itilize lafòs (tankou fè lagè elatriye), men se pito se estrateji pou fè peyi a peye yon lajan pou rekonèt endepandans melanje ak tout avantaj ekonomik e komèsyal peyi Lafrans ta pral benefisye.

  1. Pèspektiv / Sa ki prevwa

Pèspektiv kolektif la chita sou 2 gwo pilye: 1. Refleksyon ak Pwodiksyon apati literati ki egziste/sous ki egzite deja sou ranson/dèt/òldòp yo; 2. Difizyon refleksyon ak pwodiksyon sila yo pou konsyantize ak envite ayisyen poze aksyon pou rekiperasyon lajan sila yo ki kapab jwe yon gwo wòl nan devlòpman peyi a, pou egzije restistisyon ak reparasyon.

Nan sans sila:

  • 17 desanm 2024 la, Kolektif yo ap òganize yon seri aktivite sou plas e anliy sou òldòp 17 desanm 1914 la ki make 110 lane vòl sa sou rezèv lò peyi dAyiti

  • Pwodwi dokimantasyon ak refleksyon sou premye vòl Lafrans te fè nan lane 1825 lan

  • Reyalize yon seri aktivite ak poze yon seri aksyon non sèlman pou komemore 200 lane vòl peyi Lafrans lan men tou pou egzije reparasyon ak restitisyon

  • Mobilize ak difize enfòmasyon nan tout rakwen nan peyi a e nan entènasyonal la, nan kominote ayisyèn ki nan dyaspora a sou dèt peyi Lafrans lan pandan lane 2025 lan. E oldòp Etazini an e dèt Lafrans lan, tou de:

    • Kase senbolism 1804 la ki chita sou mounite, endepandans lan men genyen gwo konsekans sou kondisyon lavi nan peyi dAyiti jounen jodi a, sou maras ak kriz san fen nou ap viv ladan yo la, sou lamizè ak ekstrèm povrete nou ladan la

    • Kreye yon rapo mi wo mi ba pou yo angrese sosyete pa yo sou do Ayiti e sitou sou do mas popilè yo

    • Enskri yo nan pwosesis kont revolisyonè pou wete sou sans ak sinifikasyon batay zansèt nou yo te livre pou lendepandans pou byennèt total kapital pou tout moun nan

Kolektif la ap kontinye travay e reflechi sou altènativ, sou fason pou mobilize e konsyantize ayisyen.ayisyèn nan peyi a ak nan dyaspora a sou zak sa yo peyi enperyalis yo fè sou peyi a, sou konsekans yo genyen nan lavi nou e nan tout sosyete a jouk jounen jodi a. Sou kouman restitisyon ak repasyon kapab ede nou restore diyite nou kòm pèp men sitou kòm premye pè nwa nan lemonn, sou kouman lajan sa yo kapab ede mete peyi a sou ray devlòpman. Jounen jodi a, nou bezwen kase kòd sa ki makonnen nou nan pye tab peyi enperyalis yo tankou Lafrans ak Etazini, Kògwoup e li enpòtan pou tout ayisyen angaje yo paske se sèl fason nou kapad di nou lib tout bon vre. Alòs pou lane 2025 lan, pou kolektif la se ap yon defi pou w patisipe nan travay pou n reprann chimen grandèt majè nou, epi ede pèp ayisyèn reklame apati done, enfòmasyon lajan yo genyen deyò.

Comments


Top Stories

Receive our analysis and perspectives directly in your inbox. Sign up for our weekly newsletter.

  • Instagram
  • Facebook
  • Twitter

© NONAVOX . Powered and secured by Wix

bottom of page