Bon Travèse TOTO
- Renouvo Demokratik
- 4 mai
- 1 min de lecture
Par: Jacques Charlemagne,
ROZO/AYITI.

Kamarad Mertho Sanon pati kite nou aprè yon kriz li te fè nan travay li, antre lopital san konesans jis li mouri nan dat samdi 03 Me 2025 lan lopital.
Mertho depi kèk tan te soufri maladi Sik, maladi tansyon.
Pou zanmi pwòch li yo tout moun konnen sou non TOTO.
Kiyès Misye ye?
Se premye moun nan ekip jèn kite òganize premye manifestasyon kont rejim divalye a ak anpil lòt Kamarad li dimanch 25 Desanm 1985 nan Pòtoprens kont diktati a.
Se ansyen Manb Komite Santral Mòn Atiff, ansyen Dirijan Òganizasyon Popilè Komite Defans Enterè Nasyonal KODENA.
Manb Kôdinasyon 3KP/Inite Pòtoprens/ANOP LWÈS.
Ansyen Konseye Sendika SMCRS ki vini SNGRS se la li tap travay jis li mouri.
Se kavalye Polka nan politik, yon vrè konbatan, kite jou vle, wè, swete yon lòt Ayiti.
Li pati kite nou san rèv sa a pa tounen reyalite ak anpil dezespwa....
Nou swete fanmi an anpil fòs ak kouraj nan moman tris sa a.
Mw ap di tokay mw bon travèse
Commentaires