100 premye jou PM Garry Conille: San jou san anyen konkrè pou popilasyon an
Ronald Leon (tinouvel.com)
Pòtoprens,20 septanm 2021
Garry Conille gen 100 jou nan Primati a. Se yon etap senbolik ki pèmèt li fè bilan sou 100 premye jou gouvèman li an.Se yon evènman li te prepare ak anpil atansyon nan okazyon sa a, li te deside òganize yon odyans piblik nan Karibe Hôtel, Jedi 19 Septanm 2024, nan Pòtoprens pou enfòme popilasyon ayisyen an (an Ayiti ak dyaspora) sou reyalizasyon ak siksè "li menn ak gouvènman li a” te fè nan 100 premye jou nan tèt leta a.
Evènman an te difize an multiplèks sou medya, platfòm sou entènèt ak rezo sosyal yo te plis sanble yon egzèsis kominikasyon ak pwopagan .
Gouvènman Garry Conille an te envesti sou baz yon pwogram estriktire ak senk potomitan: restorasyon sekirite piblik ak nasyonal, redresman ekonomik, rezolisyon kriz imanitè a, Konferans Nasyonal la, refòm konstitisyonèl ak òganizasyon eleksyon jeneral pou renouvèlman pèsonèl politik peyi a.
Sepandan, apre yon santèn jou travay, sosyte sivil la ak popilasyon kanpe gade tout deplwaman kap fèt pou yon bilan ki te byen mèg.
Genyen kèk minis ki parèt pi souvan pou fè yon cho medyatik sitou Minis Jistis , Minis Edikasyon Nasyonal ak Minis la Sante, men aksyon yo poko vizib pou 100 jou sa yo, anyen poko reyalize vre e nou pa konprann vizyon jeneral gouvènman sa a.
Sosyete sivil la ,plizyè pwogresis trè kritik parapò ak rezilta gouvènman an, yo dekri kòm "bilan negatif". Yo kwè otorite Ayisyen yo la sèlman pou pataje avantaj, tankou piyay kès leta,bèl kòtèj pandan popilasyon an kontinye ap soufri.
Restorasyon sekirite piblik ak nasyonal
Premye Minis Premye minis defakto a te pwomèt li pral reprann teritwa pèdi yo kay pa kay ,katye pa katye ...konsta yo diferan ak sa li te di ak sa kap pase ,popilasyon deplore apre yon santèn jou travay, toujou pa gen okenn siy ki montre sitiyasyon sekiritè a amelyore.
100 jou gouvènman Conille, plizyè wout, sitou wout nasyonal #1 ak #2, rete anba kontwòl gang. Komin Kafou tonbe nan men bandi, alòske pa gen okenn komisarya ki reprann alevwa pou yo ta reprann yon katye. Kriminèl yo kontinye enpoze dwa pasaj sou wout yo, mete itilizatè yo an danje e ranm wout yo pi difisil pou travèse . Sou gouvènman sa a, Ganthier te tonbe konplètman anba dominasyon bandi 400 mawozo.E anba lavil la rete enpratikab.
Lèzetazini pou 4yèm ane konsekitif, deside kenbe Ayiti sou nivo maksimòm alèt 4: "Pa vwayaje ann Ayiti", akòz kidnaping, krim, ajitasyon politik ak sèvis sante limite. Anbasad Ameriken egzije pèsonèl li yo pou yo itilize transpò ofisyèl pou ale ak pou soti nan ayewopò an.
Popilasyon dekri gouvènman sa a kòm yon "gouvènman bèl pawòl ak vwayaje".Premye minis ak kèk minis, jilè parabal sou yo epi antoure ak ajan sekirite parade jan yo vle nan kèk ri men moun ki deplase nan Kolèj Mixte Alpha (Avenue Christophe, ri 4) ak lòt moun k ap viv nan kan yo paka retounen lakay yo.
Akòz wout ki bloke ak feblès lojistik nan operasyon lapolis kont gang yo, Scudery Dorcé, yon polisye SWAT mouri madi 10 septanm 2024 la, apre blese li te pran yon bal nan janb pandan konfwontasyon ak bandi nan Gressier.
Redresman ekonomik
Se yon abitid pou yo di premye 100 jou yon gouvènman desizif. Se li ki trase chemen pou wè ki kote manda sa a prale.Tout moun te atann nan 100 premye jou yo Conille te ka kòmanse jete baz pou redrese sistèm finansye nasyonal la.
Gouvènè BRH la, Ronald Gabriel, pandan yon konferans pou laprès Mèkredi sa a lanse alèt pou montre difikilte ki genyen nan sistèm lan kote 59 sikesal bank komèsyal yo ap mal fonksyone, plizyè nan yo te piye oswa fèmen. Anplis de sa, gen 122 milya goud prè yo te akòde yo nan gwo difikilte, 307 konpayi paka ranbouse dèt yo, ak 969 ti ak mwayen antrepriz yo pa fonksyone akoz bandi ame te kraze yo .
100 apre ,Gouvènman sa a pa fè anyen pou ede yo respire epi yo kapab jwenn mwayen pou onore angajman yo e louvri an tout sekirite.
Rezoud kriz imanitè a
Dapre Òganizasyon Entènasyonal Migrasyon an (OIM) gen plis pase 310,000 moun ki kite kay yo depi Desanm 2023 ki vinn agrave sitiyasyon sekirite ak imanitè e kantite timoun ki deplase yo ap viv nan sitiyasyon mangonmen nan kan yo.Plizyè milye fanmi toujou ap viv nan kan ki sal e kondisyon sanitè yo pa bon.
Plis pase ven enstitisyon sante, piblik kou prive, swa dechouke, piye, oswa fèmen, enkli Lopital Jeneral la. Lopital Inivèsite Lapè a pap fonksyone ak tout kapasite li. Jiskaprezan, gouvènman Conille a poko kontribye nan relouvri yon sèl nan lopital sa yo.
Konferans Nasyonal la, refòm konstitisyonèl ak òganizasyon eleksyon jeneral
"Gouvènman sa a distenge tèt li nan diskou, pwomès. Sèl dosye yo reyalize byen se nonmen moun nan administrasyon piblik pou bay zanmi ak patizan job.Nan kad pou prepare eleksyon yo, Gouvènman an pibliye yon dekrè nan prese li nonmen 7 sou 9 manm Konsèy Elektoral Pwovizwa a (CEP) ak Kreyasyon yon Komisyon Verite, Jistis ak Reparasyon Gardy Maisonneuve pral prezide .
Epi epi anyen
"Gouvènman sa a mete fon leta a dispozisyon yo pou itilize sèten medya pou fè pwopagann pou yo.Li montre yon enpuisans devan defi sekirite a,ekonomik ak imanitè.Pa gen anyen konkrè ki fèt pou popilasyon an", san jou se 100 jou san anyen pou larepiblik ak popilasyon an.
Comments